Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tchèkòp bebe: 6 Mwa

Pandan tchèkòp 6 mwa a, founisè swen sante a ap egzamine bebe w la. L ap mande w kijan bagay yo ye lakay ou. Papye sa dekri kèk nan sa w ka atann yo.

Devlopman ak etap enpòtan

Founisè swen sante a ap poze w kesyon sou ti bebe ou a. L ap obsève bebe w la pou l ka gen yon ide sou devlopman l. Nan vizit sa a, pifò ti bebe:

  • Rekonèt moun li abitye yo

  • Woule sot sou vant al sou do

  • Apiye sou men l pou l ka jwenn sipò lè l chita

  • Babye epi souri kòm repons lè lòt moun pale oswa fè bri

  • Detire pou l ka pran yon jwèt

  • Mete bagay nan bouch li pou l ka eksplore yo

  • Fèmen bouch li lè li pa vle manje ankò

Epitou, a 6 mwa kèk bebe kòmanse fè dan. Si w gen kesyon sou dantisyon an, poze founisè swen sante a kesyon sa yo. 

Konsèy alimantè

Bay bebe w la manje nan yon chèz ki wo.
Depi bebe w la abitye manje gwo manje, ba li yon nouvo manje chak jou.

Pou w ede ti bebe ou a manje byen:

  • Kòmanse ajoute manje solid nan rejim bebe w la. Pou kòmanse, manje solid yo p ap ranplase lèt manman oswa lèt bebe ou te konn ba li a.

  • Sa ou premye ba li kòm manje solid la pa enpòtan. Pa gen okenn rechèch resan ki bay nan ki lòd ki pi bon pou w kòmanse bay bebe w la manje solid. Jeneralman, yo konn bay bebe yo sereyal ki gen yon sèl grenn yo an premye. Men, pire legim oswa pire fwi ki fèt ak yon sèl engredyan yo bon tou.

  • Lè w fèk ap ba li manje solid, melanje l ak yon ti kantite lèt manman oswa lèt bebe nan yon bòl. Lè w melanje yo, li dwe koule tankou soup. Bay bebe w la manje sa a ak yon kiyè. Fè sa a yon fwa pa jou pandan 1 a 2 premye semèn yo.

  • Lè w ap bay bebe a manje tankou sa ou fè lakay ou oswa sa w achte, ba li 1 nouvo manje diferan alafwa. Ou ka eseye yon nouvo manje diferan chak 3 a 5 jou. Apre chak nouvo manje, gade si l pa gen reyaksyon alèjik. Pami yo ka genyen dyare, bouton, oswa vomisman. Si bebe w la gen youn nan sa yo, sispann ba li manje a. Di founisè swen sante timoun ou an sa a.

  • A 6 mwa, anpil bebe ki nan tete ap bezwen sous fè ak zen anplis. Bebe w la ka jwenn yo nan manje ki fèt ak vyann. Sa a gen sous fè ak zen kò bebe w la absòbe pi fasil yo.

  • Bay bebe a manje solid 1 fwa pa jou pandan 3 a 4 premye semèn yo. Apre sa a, ogmante kantite a rive nan 2 fwa pa jou. Men tou, kontinye bay bebe w la tete oswa lèt bebe jan ou te konn ba li l anvan an.

  • Gen kèk manje, tankou pistach ak ze ki gen gwo risk reyaksyon alèjik. Men ekspè yo konseye pou yo ba yo manje sa yo sou 4 a 6 mwa. Sa a ka redui risk alèji alimantè kay bebe yo ak kay timoun yo. Si bebe w la tolere lòt manje ki kouran yo (sereyal, fwi, ak legim), ou ka kòmanse ba li manje ki ka fè l fè reyaksyon alèjik yo. Ba l 1 nouvo manje chak 3 a 5 jou. Sa ap ede w wè si gen nan manje sa yo ki lakoz yon reyaksyon alèjik. 

  • Mande founisè swen sante a si tibebe w la bezwen pran sipleman fliyò.

Konsèy pou ijyèn

  • Twalèt bebe w la ap chanje aprè li fin kòmanse manje manje solid. Li ka pi epè, pi fonse, epi gen plis sant. Sa nòmal. Si w gen kesyon, poze yo pandan tchèkòp la.

  • Mande founisè swen sante a kilè bebe w la dwe al kay dantis pou premye fwa.

Konsèy pou somèy

A 6 mwa, yon bebe ka dòmi 8 a 10 èdtan leswa san li pa leve. Men anpil bebe nan laj sa yo toujou leve 1 fwa oubyen 2 fwa pandan nuit yo. Si bebe w la pa dòmi leswa, tabli yon woutin pou lè lè dòmi an rive ka ede l (gade anba a). Pou w ede tibebe ou a byen dòmi an tout sekirite:

  • Mete bebe a dòmi sou do jiskaske li gen 1 làne. Sèvi ak yon sifas pou dòmi ki fèm epi ki plat . Sa a ka diminye risk pou ti bebe a fè SIDS (Sendwom Lanmò Sibit Lakay ti Bebe). Sa a diminye risk pou l respire likid (aspirasyon) epi toufe. Pa janm mete bebe a sou kote ni sou vant pou l dòmi oswa pou l fè syès. Si bebe a reveye, kite l rete sou vant li depi gen moun ki ap veye l. Sa ap ede vant timoun nan ak misk kou li yo vin fèm. Sa a ap ede nou diminye sa yo rele dèyè tèt plat la. Sa a kapab rive lè bebe yo pase twòp tan sou do yo.

  • Pa mete arebò, zòrye, gwo dra, oubyen ti nounous nan bèso a. Sa yo ka toufe yon ti bebe.

  • Pa mete bebe w lan sou yon kanape oswa sou yon fotèy pou li dòmi. Lè w mete tibebe a dòmi sou yon kanape oswa sou yon chèz, sa ogmante risk pou tibebe a mouri, tankou pou li fè SIDS.

  • Pa itilize ni chèz bebe, ni chèz machin, ni pousèt, ni pòt bebe, ni balansin pou bebe a dòmi oswa fè syès. Sa yo ka lakoz vwa respiratwa l bouche (blokaj) oubyen li toufe.

  • Pa dòmi sou menm kabann ak bebe w la. Yo moutre dòmi ak bebe yo ogmante risk pou bebe yo fè SIDS. Akademi Pedyatik Ameriken an (American Academy of Pediatrics, AAP) rekòmande pou bebe a dòmi nan menm chanm ak paran l yo, tou pre kabann paran yo, men nan kabann apa oswa nan bèso ki apwopriye pou bebe yo. Fason pou dòmi sa yo, yo rekòmande yo ideyalman pou premye ane bebe a. Men li dwe dire pandan omwen 6 premye mwa l yo.

  • Toujou mete bèso, pànye, ak kote pou bebe a jwe nan yon espas ki san danje. Sa a se pou redui tout risk pou bebe a trangle. Asire w pa gen kòd, fil, oswa rido ki pandye.

  • Pa mete bebe w la nan bèso ak yon bibwon.

  • Nan laj sa, kèk paran kite ti bebe yo kriye jiskaske yo dòmi. Se yon chwa pèsonèl. Ou ka vle diskite sa ak founisè swen sante a.

Kreye yon woutin pou l ale nan kabann

Kounya bebe w la ase gran pou l dòmi pandan tout nuit lan. Dòmi nan nuit se yon konpetans moun dwe aprann. Yon woutin pou l è l pral dòmi ka ede w. Lè w fè menm bagay yo chak swa, ou aprann ti bebe a lè li lè pou l al dòmi. Ou ka pa wè rezilta yo tousuit. Men pèsiste. Apre kèk tan, bebe w la ap vin aprann lè l al nan kabann li se lè pou l dòmi. Konsèy sa yo ka ede w:

  • Prepare l pou l al nan kabann li dwe yon moman espesyal pou ou ak bebe w la. Kenbe menm woutin nan chak swa. Chwazi yon lè pou l ale nan kabann li epi toujou itilize menm lè sa chak swa.

  • Fè aktivite ki ap detann li anvan l al nan kabann li, tankou benyen l apre sa ba l bibwon.

  • Chante pou bebe a oswa li yon istwa pou li. Menm si timoun ou an twò piti pou l konprann, vwa w ap apeze l. Pale a yon vwa kalm.

  • Pa tann se lè bebe a dòmi pou w mete l nan bèso a. Yon pati nan woutin nan se mete bebe a kouche pandan je l klè.

  • Kite chanm nan nan fè nwa epi trankil. Asire w li pa fè ni twò cho ni twò frèt. Jwe mizik ki apezan oubyen son ki ap detann li tankou son vag lanmè yo. Sa yo ka ede ti bebe w la dòmi.

Konsèy pou sekirite

  • Pa kite tibebe w la jwenn okenn bagay ki piti ase pou toufe l. Tankou, jwèt, manje solid, ak bagay bebe w la ka jwenn atè a pandan l ap rale. Jan nou konnen l deja, yon bagay ki piti ase pou l pase nan woulo yon papye twalèt ka lakoz timoun nan toufe.

  • Li toujou pi bon pou w kenbe bebe w la lwen solèy pi souvan. Pase krèm solèy sou bebe w la jan yo di w pou w fè sa a.

  • Lè w nan manchin, toujou mete bebe w la nan chèz machin pou timoun ki bay fas pa dèyè. Li dwe fikse nan chèz dèyè a. Suiv enstriksyon ki tou vini ansanm ak chèz pou machin nan. Pa janm kite ti bebe a nan machin nan poukont li.

  • Pa kite bebe w la yon kote ki wo, tankou sou tab, sou kabann, oswa sou kànape. Li ka tonbe epi li ka blese. Sa a menm pi pwobab lè bebe w la kòmanse ka woule.

  • Toujou tache bebe w la lè w ap itilize yon chèz ki wo.

  • Talè la bebe w la ap rale, kidonk se bon moman pou w asire w kay ou a ap kenbe l an sekirite. Pa egzanp, mete seri ti moun nan p ap ka ouvri nan pòt amwa yo epi bouche tout kote ki gen priz yo. Bebe yo ka blese nan pran oswa nan rale kèk bagay. Pa egzanp, bebe w la ka rale yon nap oubyen yon kòd epi yon bagay ki di tonbe sou li. Pou w evite sa a, fè yon kontwòl sekirite pou tout kote bebe w la pase tan.

  • Frè ak sè ki pi gran yo ka kenbe bebe a epi jwe ak li toutotan yon granmoun ap sipèvize yo.

  • Yo pa konseye twotinèt a woulèt yo. Aktivite ki pa mande pou l bouje yo gen plis sekirite. Pale ak founisè swen sante a si w gen kesyon sou ki jwèt ak ekipman ki plis an sekirite pou ti bebe w la.

Vaksen

Sou rekòmandasyon CDC, nan vizit sa a yo ka bay timoun ou an vaksen sa yo:

  • Difteri, tetanòs, ak koklich

  • Emofilis enfliyannza tip b

  • Epatit B

  • Grip

  • Nemokòk

  • Polyo

  • Wotaviris

  • COVID-19

  • Antikò monoklonal pou Viris Respiratwa Sensisyal (RSV)

Mande founisè swen sante tibebe w la ki vaksen ki konseye pou vizit sa. Bay ti bebe w la tout vaksen yo ap ede l gen mwens risk pou l fè yon SIDS.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer