Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Katetè a ka Pwovoke Enfeksyon nan Vwa Irinè a

Yon enfeksyon katetè a pwovoke (CAUTI) se yon enfeksyon vwa irinè. Ou gen yon CAUTI lè ou gen yon bakteri ki antre nan vwa irinè a lè ou gen yon katetè ladann. Se yon tib yo mete nan vesi a pou li drene pipi.

Vwa irinè a

Vwa a genyen ren yo, itè, vesi, ak irèt. Ren yo filtre san epi yo vin bay pipi. Itè yo pote pipi a soti nan ren yo pou ale nan vesi a. Vesi a estoke pipi a. Irèt yo mennen pipi a soti nan vesi a pou soti nan kò a.

Kisa yon katetè irinè ye?

Yon katetè irinè se yon tib fen ki fleksib. Yo mete l nan vesi a pou l drennen pipi a. Pipi a koule nan tib la pou ale nan yon sak ki deyò kò a. Gen diferan tip katetè irinè. Tip nou plis jwenn nan se sa yo mete nan vesi a. Nou konnen sa kòm katetè irèt. Se paske pou li ale nan vesi a li pase nan irèt la. Yo rele l katetè Foley.

Imaj ki moutre yon katetè kote yo mete li a.
Yon ti blad kenbe katetè a kote yo mete li a nan vesi a.

Poukisa yon moun ka bezwen yon katetè irinè?

Yon moun ka bezwen yon katetè irinè pou youn nan sa yo:

  • Paske moun nan pa ka bouje pandan yon tan aprè li fin fè yon operasyon oubyen aprè li fin blese.

  • Moun nan fè yon operasyon ki mande pou li anba anestezi pandan lontan.

  • Moun nan gen yon blokaj nan sistèm irinè li.

  • Founisè swen sante ou a dwe mezire kantite pipi ou bay ak presizyon.

  • L ap teste fonksyon ren ou yo ak vesi ou.

Nan pi fò ka yo, yo mete katetè irinè a pou yon ti bout tan. Ou ap bezwen l jiskaske pwoblèm yo ap jere a rive rezoud. 

Kijan CAUTI a devlope?

Bakteri ka antre nan vwa irinè a pandan y ap mete katetè a nan irèt la. Bakteri ka antre nan vwa irinè a pandan katetè a ladann. Bakteri ki plis lakoz CAUTI a devlope a ap viv nan entesten an. Bakteri sa yo pa konn bay pwoblèm nan entesten an nòmalman. Men lè yon antre nan vwa irinè a, yon CAUTI ka rive.

Poukisa yon CAUTI enkyetan?

Si li pa trete, yon CAUTI ka mennen pwoblèm sante. Pwoblèm sa yo ka enfeksyon vesi, pwostat, ak ren. Yon CAUTI ka fè w rete lopital pandan lontan. Si yo pa trete enfeksyon an a tan, ou ka gen gwo pwoblèm sante.

Ki sa sentom CAUTI yo ye?

Rele founisè sante ou a imedyatman si ou oubyen yon manm nan fanmi w gen youn nan sa anba yo:

  • Yon sansayon brile, presyon, oubyen doulè anba ti vant (abdomèn)

  • Yon lafyèv oubyen frison

  • Pipi ki nan ti sak la gri oubyen gen san (woz oubyen wouj)

  • Ou gen sansasyon brile nan irèt la oubyen zòn jenital la

  • Ou gen doulè nan do w (pre ren yo)

  • Ou anvi vomi epi ou vomi

  • Ou gen konfizyon, anvi dòmi, oubyen chanjman nan konpòtman w (sa yo plis afekte granmoun)

Pafwa ou ka pa gen okenn sentom. Men ou ka toujou genyen yon CAUTI.

Kijan yo dyagnostike CAUTI a?

Founisè swen sante ou a ap òdone tès si w gen sentom CAUTI. Tankou ekzamen pipi ak ekzamen san.

Kijan yo trete CAUTI a? 

Tretman an ka enplike youn nan sa yo:

  • Antibyotik Founisè swen sante ou a ap preskri w antibyotik si ou gen youn nan sentom yo. Rete konsyan si w pa gen sentom yo, ou pa ka pran antibyotik. Pou w ka evite ogmante bakteri ki ka tiye kèk antibyotik nan kò w.

  • Retire katetè a. Founise swen w lan ap retire Katetè a lè l deside ou pa bezwen katetè ankò. Sa konn souvan ede yo kanpe enfeksyon an.

  • Chanje katetè a. Si w toujou bezwen yon katetè, yo ap retire ansyen an. Y ap mete yon nouvo nan plas li. Sa ka ede yo kanpe enfeksyon an.

Kijan estaf lopital ak klinik evite enfeksyon vwa irinè katetè a pwovoke CAUTIs?

Pou w evite pasyan an trape CAUTI, manm estaf la ap suiv etap sa yo:

  • Li ap preskri katetè lè malad la bezwen. Li retire katetè a depi malad la pa bezwen l ankò.

  • Li lave men l yo oubyen itilize alkòl pou netwaye men yo anvan l li fè swen katè.

  • Li itilize metòd pwòp (esteril) lè li ap mete katetè nan vwa irinè a. Sa vle di anvan li mete katetè a li lave men l ak savon ak dlo. Li ap mete gan esterilize. Li ap itilize yon kit ki gen netwayan pou l netwaye zòn jenital la.

  • Li ap mete ti sak plastik la pi ba pase vesi a. Sa ede anpeche pipi a tounen moute nan vesi a.

  • Li dwe veye si ti sak la vid regilyèman.

  • Li netwaye katetè a pa entèval. Sa vle di li mete katetè a pou malad la ka pipi. Epi li retire l tou suit aprè. Li ka fè sa plizyè fwa nan yon jounen.

Kisa yon pasyan ka fè pou l evite pran CAUTI a

Ou ka ede evite l nan fè sa anba yo:

  • Chak jou mande founisè swen sante ou a pou konbyen tan ou bezwen katetè a. Plis ou genyen katetè a pi lontan se plis ou gen chans pou w gen yon CAUTI.

  • Mande yon pwofesyonèl sante pou netwaye men l ak mete gan anvan l manyen katetè w la.

  • Si yo aprann ou jere katetè w la, lave men w anvan ak aprè chak sesyon.

  • Veye pou w mete ti sak plastik la pi ba pase vesi ou. Si w pa konnen kijan, mande moun ki ap ba w swen an.

  • Pa dekonekte katetè a ak tib la Si w fè l konsa ap gen jèm ki antre nan katetè a.

  • Netwayaj zòn jenital la yo enpòtan anpil. Li ede diminye bakteri ki pre katetè a. Mande founisè swen sante w la kisa w dwe itilize e kòman ou dwe itilize l pou w ka netwaye zòn sa yo.

Si w gen yon katetè

  • Anvan w kite lopital la, asire w ou konnen kijan pou w pran swen kaktetè w la lakay ou.

  • Mande founisè swen sante ou a pou konbyen tan ou bezwen katetè a. Mande l si w dwe fè pran randevou pou yo retire katetè a pou ou.

  • Toujou itilize metòd pwòp (esteril) lè li ap mete katetè nan vwa irinè a. Lave men w avan ak aprè ou fin manyen katetè a.

  • Rele Founisè swen ou an tou suit si w gen sentom CAUTI a. (gad anwo a).

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer