Swen Aprè Yon Sikonsizyon
Bebe ou a te sibi yon operasyon yo rele sikonsizyon. Sikonsizyon an se yon operasyon yo fè pou retire prepis lan. Prepis lan se kouch po ki kouvri tèt (glann) peni an. Yo souvan fè sa nan chanm bebe a anvan timoun nan kite lopital la si l se yon ti gason, ak si fanmi l swete yo fè sa pou li. Gen plizyè fason sikonsizyon an ka fèt. Founisè swen sante ou a ap eksplike w pwosesis lan epi l ap di w kisa ou kapab atann. Suiv prensip ki nan dokiman sa ak enstriksyon founisè swen sante bebe w la ba ou pou w pran swen bebe a aprè sikonsizyon an.
Kisa pou w atann
-
Yon kwout wouj tankou san oswa jòn kapab parèt alantou tèt peni an. Sa nòmal. Pa netwaye kwout sa paske li ka senyen.
-
Peni an kapab anfle toupiti oswa senyen toupiti nan zòn kote li fann lan.
-
Tèt peni an ka lejèman tou wouj oswa nwa e ble.
-
Sa ka rive bebe a kriye lè l ap pipi oswa li an kolè pandan premye jou yo ki vin aprè sikonsizyon an.
-
Kontak kò ak kò a ansanm ak alètman an; kapab ede diminye doulè a.
-
Po a sipoze geri nan anviwon 7 a 10 jou.
Kenbe peni an pwòp
-
Lave peni an dousman avèk dlo cho si l gen twalèt sou li; pandan w ap chanje daypè pou bebe a.
-
Itilize yon gan twalèt ki soup. Pa fwote zòn kote k ap fè l mal yo. Sa ka koz li pran plis tan pou l geri oswa lakoz li senyen.
-
Kite po a pran lè.
-
Chanje daypè sou bebe a souvan pou anpeche l fè enfeksyon.
-
Kouvri tèt peni an avèk vazlin ak twal gaz si founisè swen sante w la rekòmande w sa.

Pou pens Gomco oswa Mogen
-
Si gen yon twal gaz oswa yon bandaj sou peni an, suiv enstriksyon espesifik founisè swen sante w la ba ou konsènan kòman pou w retire l, ranplase l, oswa ni retire l ni ranplase l.
Pou aparèy plastibèl la
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a si youn nan bagay sa yo ta rive:
-
Peni bebe ou a anfle oswa ap senyen anpil.
-
Timoun ou an gen yon lafyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la.
-
Timoun ou an aji tankou yon timoun ki vrèman malad, san enèji, li refize manje, oswa l ap fè kapris.
-
Genyen yon likid tou blanch k ap koule oswa ki pa vle disparèt.
-
San an pa vle sispann lè w fè presyon toupiti sou li oswa li pifò pase yon ka pous sou daypè a.
-
Bebe ou a pa pipi byen
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.