Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprannann anevris awòt abdominal la.

Yo ka petèt di w ou genyen yon anevris. Se lè yon pati ki febli nan yon veso sangen dilate tankou yon blad. Yon anevris ki nan veso sangen prensipal la nan zòn lestomak ou rele anevris awòt abdominal (abdominal aortic aneurysm, AAA).

Kisa ki AAA?

Yon imaj fas awòt abdominal la avèk anevris. Liy ki gen ti pwen yo montre lajè nòmal awòt la.
Yon anevris vini lè yon pati ki febli nan pawa awòt la detire epi dilate.

Awòt la se gwo atè ki pote san oksijene sòti nan kè a pou ale nan tout rès kò a. Avèk AAA, yon pati nan awòt la vin fèb epi li dilate. Si yon anevris vinn ase gwo, li ka eklate. Sa grav anpil, epi li jeneralman mòtèl.

Kòman yo jwenn yon anevris?

Jeneralman, AAA a devlope dousman epi li pa bay okenn sentom. Yo jwenn li souvan lè yo f tès (tankou yon radyografi, yon IRM, oubyen yon tomodansitometri) pou yon pwoblem ki pa gen rapò. Pou konfime prezans yon AAA, y ap fè tès tankou ekografi abdominal, tomodansitometri abdominal ak pelvyen oswa anjyografi.

Kisa ki devlolope AAA?

Bagay sa yo ogmante chans ou pou w gen AAA:

  • AAA ereditè

  • Laj ou. AAA plis pwobab lè w ap pran laj.

  • Li pi fasil pou gason yo gen yon AAA pase fanm yo.

  • Fimen

  • Tansyon wo

  • Nivo kolestewòl ki wo. Se grès ak lòt matyè ki fon pil nan san.

  • Blese, tankou yon aksidan machin

Gason ki gen 65 pou rive 75 an ki te konn fimen dwe fè 1 ekografi pou AAA. Si w se yon gason ki gen 65 pou rive 75 an epi ou te konn fimen, founisè swen sante w la ka konseye w fè yon depistaj k ap baze sou lòt faktè risk tankou antesedan medikal oswa familyal.

Kisa yo ka fè?

Yo ka fè yon operasyon pou yo retire yon anevris. Oswa ou ka sibi yon entèvansyon ki mwens envazif ki rele grèf andopwotèz vaskilè. Y ap itilize yon katetè pou yo mete yon tib metalik ki rele andopwotèz nan pati kote awòt la vin fèb la. Andopwotèz la aji tankou yon echafodaj pou ranfòse pawa atè a.

Founisè swen sante w la ap evalye chans pou anevris la eklate pa rapò ak risk tretman an. Yo siveye yon anevris ki piti epi k ap grandi dousman avèk yon ekografi ansanm ak yon tomodansitometri chak 6 oswa 12 mwa. Si l rive nan yon gwosè, li kòmanse ap bay likid oswa l ap grandi byen vit, ou ka bezwen opere pou w ranplase pati sa a nan awòt ou.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer