Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Adapte w ak Gwosès: Premye Trimès

Toutotan kò w ap adapte l pandan premye trimès gwosès la, ou ka petèt oblije chanje oswa limite aktivite ou fè chak jou yo. W ap bezwen plis repo. W ap bezwen itilize enèji ou genyen an ak plis sajès tou.

Kò w ap chanje

Prèske tout pati nan kò ou afekte lè w ap adapte w ak gwosès la. Matris la ak kòl matris la ap kòmanse vin soup imedyatman. Ou ka pa parèt tankou moun ki ansent pandan 3 premye mwa yo. Men, li posib pou w gen kèk siy kòmansman gwosès ki kouran:

  • Kè plen

  • Fatig

  • Pipi souvan

  • Karaktè enstab

  • Vant balonnen

  • Konstipasyon

  • Lestomak boule

  • Ratman règ oswa ti kras règ (senyen premye trimès yo)

  • Pwent tete oswa tete sansib epi tete gonfle

Li pa twò ta pou w kòmanse pran bon abitid yo

Sa ki pi enpòtan se pwoteje tibebe w la apati moman sa a. Si w fimen, ou bwè alkòl, oswa ou pran dwòg, kounye a li lè pou w sispann. Si w bezwen èd, pale sa a ak founisè swen sante w la:

  • Fimen ogmante risk pou fi akouche tibebe ki tou mouri oswa fè yon tibebe ki pa gen anpil pwa. Si w fimen, sispann kounye a.

  • Yo asosye alkòl ansanm ak dwòg yo ak foskouch, malfòmasyon konjenital, defisyans entelektyèl, ak ti kras pwa lè timoun nan fèt. Pa bwè alkòl ni pran dwòg.

Konsèy pou w soulaje kè plen

Pandan gwosès la, ou ka gen kè plen nenpòt ki lè nan jounen an, men li ka pi mal lè maten. Pou anpeche w gen kè plen:

  • Manje ti manje ki pa lou souvan.

  • Bwè likid souvan.

  • Leve dousman. Manje kèk ti biskwit san sèl anvan ou leve nan kabann.

  • Evite sant ki deranje w.

  • Evite manje ki pike epi ki gen pil grès.

  • Manje yon krèm glase ou renmen.

  • Pran anpil repo.

  • Mande founisè swen sante w la si w ka pran jenjanm oswa vitamin B6 pou kè plen an ak vomisman an.

  • Pale sa ak founisè swen sante w la si ou pran vitamin ki boulvèse lestomak ou.

    Yon fi ki ap bwè yon vè dlo.

Preyokipasyon ki gen rapò ak travay

Fen premye trimès la se yon bon moman pou w pale de travay pandan gwosès la ak patwon w. Swiv konsèy founisè swen sante w la si travay ou oblije w rete kanpe pandan tan ki long, travay ak zouti danjere, oswa menm rete chita nan yon biwo pandan tout jounen an. Yo ka bezwen adapte espas travay ou a, kantite travay ou yo oswa orè w yo. Ou ka petèt bezwen chanje pozisyon pi souvan oswa pran yon ti poz anplis.

Konsèy pou vwayaj

Pale sa ak founisè swen sante w la anvan, men dezyèm trimès la se petèt pi bon moman pou w vwayaje. Yo ka konseye w pou w evite kèk vwayaj pandan w ansent lan. Manje ak dlo kapab yon pwoblèm nan peyi soudevlope yo. Vwayaje nan machin se yon bon chwa, paske ou ka kanpe machin nan, soti, epi detire. Mache ak ti goute ansanm ak dlo. Pase senti sekirite a anba vant ou, raz ranch ou. Pase senti sekirite sou zepòl ou tou.

Entimite

Sof si founisè swen sante w la ta di w non, pa gen okenn rezon pou w sispann fè bagay pandan w ansent lan. Ou menm oswa patnè ou a ka remake anvi nou chanje. Anvi w ka bese pandan premye trimès la, akoz kè plen ak fatig. Nan dezyèm trimès la, fè bagay ka dous anpil. Twazyèm trimès la ka se yon defi pou w santi w konfòtab. Eseye plizyè pozisyon epi wè kiyès ladan yo ki pi bon pou nou tou de a.

Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w

Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.

Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer