Enstriksyon Egzeyat pou Katetè Kadyak
Katetè kadyak se yon pwosedi envazif ki ap evalye kèk pwoblèm kè ki enplike kavite kadyak yo, valv yo, ak veso sangen yo. Yo mete yon tib fen, fleksib (katetè) nan lèn ou oubyen nan ponyèt ou. Depi katetè a avanse nan kè a yo ka pran mezi kantite san, presyon, oksijèn nan. Founisè swen sate a ka enjekte likd kontras nan san w, aprè pou l koule ale nan kè w. Y ap pran imaj kè w ak reyon lazè.
Souvan yo konn fè yon ''anjyografi kowonè'' nan katetè kadyak la pou chache kote ki bouche yo nan atè yo ki mennen san nan kè a. Si yo jwenn yon blokaj ki enpòtan doktè w la ka tante ouvri atè a sa ki souvan fèt lè l mete yon andopwotèz ladann. Founisè swen sante w la ap verifye rezilta pwosedi w la ak ou. Asire w pou w poze tout kesyon ou genyen yo anvan w ale. Papye sa ap ede w pran swen w lakay ou.
Swen lakay
-
Pa kondi oubyen pran gwo desizyon pou omwen 24è aprè w fin pran nenpòt tip sedatif la oubyen anestezi.
-
Aranje w pou yon granmoun responsab mennen w lakay ou aprè pwosedi w la.
-
Fè aktivite ki lejè ak fasil pandan pwochen 2 a 3 jou. Mande èd nan kòve w yo epi sòti w yo pandan w ap retabli w. Fè yon moun mennen w nan randevou w yo.
-
Pa leve anyen ki lou jiskasje ekip swen sante w la di w kilè w ka fè sa san pwoblèm.
-
Mande ekip swen sante w la kilè w ka espere tounen nan travay ou. Amwens travay ou a gen leve pwa ladann, ou ka tounen nan aktivite nòmal ou nan kèk jou.
-
Pran medikaman w yo jan yo mande w. Pa sote dòz yo.
-
Bwè 6 a 8 vè dlo chak jou. Sa ap ede w retire kontras ki mouri an nan kò w. Rele ekip swen sante w la si pipi w chanje koulè.
-
Pran tanperati w chak jou pandan 7 jou. Si w santi w frèt epi mwat oubyen w kòmanse ap swe, pran tanperati w imedyatman epi rele ekip swen sante w la.
-
Tcheke kote yo te koupe chak jou pou w ka jwenn siy enfeksyon. Tankou woujè, enflamsyon, ak drenaj. Li nòmal pou w gen yon ti mak oubyen yon ti boul kote yo te fouye katetè a. Yon ti mak ki vin pi gwo pa nòmal epi w dwe rapòte sa bay ekip swen sante w la. Si w wè san nan ensizyon an, rele ekip swen sante w la. Ale nan depatman ijans lan si w ap bay san san rete nan zòn atè a. Sa espesyalman vrè si w ap pran medikaman ki fè li pa fasil pou san w kwagile. Ekzanp yo se aspirin, klopidogrèl, ak wafarin.
-
Manje yon rejim sen. Asire w li pa gen anpil grès, sèl, ak kolestewòl Mande ekip swen sante w la enfòmasyon sou rejim.
-
Sispann fimen. Antre nan pwogram pou w kite fimen oubyen mande ekip swen sante w la pou ede w. Pwogram sispann fimen yo ka sove lavi.
-
Fè ekzèsis jan ekip swen sante w la mande w fè sa. Ekip swen sante w la ka rekòmande w pou w kòmanse yon pwogram reyabilitasyon kadyak. Reyabilitasyon kadyak se yon pwogram ladann yo estaf swen sante ap siveye pwogrè w akestrès kè w pandan w ap fè ekzèsis. Mande ekip ou a kijan pou w antre.
-
Pa naje oubyen benyen jiskaske ekip swen sante w la di w ou ka fè sa. Ou ka benyen jou aprè pwosedi a. Kenbe kote a pwòp ak sèk. Sa ap anpeche ensizyon an mouye epi enfekte jiskaske po a ak atè a ka geri.
-
Asire w ou suiv tout enstriksyon swen yo.
Suivi pou swen an
-
Kontinye al nan randevou suivi a jan estaf ou a konseye w fè sa. Li rive souvan pou w gen yon randevou suivi 2 a 4 semèn aprè yon anjyoplasti oubyen yon pwosedi andopwotèz kowonè.
-
Pran randevou anyèl, tou. Sa se pou w ka asire w ou toujou byen epi w pa gen okenn nouvo sentom.
-
Pa tann pou w pran randevou si medikaman w yo pa mache oubyen si w gen sentom kadyak.
Kilè pou ou chache swen medikal
Rele founisè swen sante ou a si ou genyen youn nan sa anba yo:
-
Ou gen doulè nan pwatrin ou
-
Doulè oubyen angoudisman ki ap ogmante nan janm ou oubyen ki refize sispann
-
Yon fyèv 100.4° F ( 38.0°C) oswa pi wo, oubyen rele founisè swen sante w la.
-
Sentom enfeksyon. Tankou woujè, enflamasyon, drenaj, oubyen chalè kote yo te koupe a.
-
Souf kout
-
Yo janm ki frèt oubyen ki parèt ble
-
Senyen, mak, oubyen anpil enflamasyon kote yo te fouye katetè a
-
Gen san nan pipi w
-
Ou twalèt nwa oubyen goudwon
-
Nenpòt senyman ki pa nòmal
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.