Presyon pozitif kontinyèl nan vwa respiratwa (CPAP)
Founisè swen sante w la preskri w terapi CPAP (presyon pozitif kontinyèl nan vwa rerespiratwa). Yon aparèy CPAP ede ou respire pi byen nan mitan lannwit. Aparèy la voye yon kantite lè nan nen ou oswa nan bouch ou lè w ap respire. Sa a kenbe pasaj lè ou yo louvri. Yo souvan itilize CPAP pou:
-
Trete apne nan dòmi ak kèk lòt pwoblèm. Apne nan dòmi se yon maladi ki dire lontan (kwonik). Ou gen peryòd dòmi kote ou sispann respire pou yon ti tan.
-
San danje epi travay byen. Men sa pran tan pou w abitye ak mas la.
Founisè swen sante, enfimyè, oswa founisè medikal ou a ap ba w konsèy pou w mete epi pran swen aparèy CPAP ou a.
Gid jeneral yo
Konsèy sa yo gen ladan yo:
-
Li vrèman enpòtan pou w pa bay vag! Li pran tan pou w abitye a mete mas la lannuit.
-
Antrene w pou itilize aparèy CPAP ou a lajounen. Fè sa chak fwa wap fè yon ti dòmi.
-
Gen diferan tip mas. Si w pa rive abitye ak mas ou a, mande founisè w la oswa konpayi ekipman medikal ou a pou w eseye yon lòt kalite.
-
Pale ak founisè w la oswa konpayi ekipman medikal la si w gen nen bouche oswa sechrès lè w ap itilize aparèy CPAP w la, . Gen mwayen pou diminye pwoblèm sa yo. Pa egzanp, founisè w la ka konseye w itilize yon espre pou nen. Oswa konpayi ekipman medikal la ka konseye yon aparèy ki gen yon imidifikatè.
-
Objektif la se sèvi ak CPAP ou a tout nwit lan, chak swa, ak pandan tout ti dòmi yo. Itilize li menm lè w ap vwayaje.
-
Kenbe mas ou a pwòp. Lave li ak savon ak dlo. Asire ou ke ou rense mas la ak tib la byen ak dlo pou retire tout savon. Kite yo seche nèt anvan ou itilize yo.
-
Mete w alèz lè w ap dòmi ak CPAP la. Eseye itilize zòrye anplis.
Travay ak konpayi ekipman medikal ou a pou w konnen kijan pou w itilize CPAP ou a kòrèkteman. Anplwaye konpayi an ap kapab ede w:
-
Itilize CPAP la kòrèkteman
-
Rezoud nenpòt pwoblèm ki parèt
-
Aprann netwaye epi antreteni aparèy la
-
Vin abitye ak itilize CPAP la chak jou
Yo bay Paramèt aparèy CPAP yo an santimèt dlo (cm/H2O). Paramèt presyon chak moun diferan. Founisè swen sante w la ap di w ki paramèt pou w itilize. Pa janm chanje paramèt presyon CPAP ou a sof si founisè w la mande w sa.
CPAP __cm/H20 presyon lè w ap respire
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.