Kansè kolorektal kòmanse nan selil nan kolon oswa rèktòm nan. Se youn nan prensipal koz ki touye moun nan Etazini. Men lè yo detekte l epi kòmanse trete l bonè, gen anpil chans pou moun nan geri. Yo dwe jwenn li pandan li tou piti epi li pako gaye. Kansè sa a raman lakòz sentòm nan premye etap li yo Poutèt sa, tès depistaj pou li enpòtan. Sa vle di chache selil anòmal k ap grandi avan w kòmanse genyen sentom. Depistaj vin pi enpòtan toujou si ou gen faktè risk pou kansè sa a.
Kalite tès depistaj yo
Kalite tès depistaj kansè kolorektal ki pi komen yo anba a. Konbyen fwa ou ta dwe fè tès depistaj ou depann de risk ou ak tès ke ou menm ak founisè swen sante ou a chwazi. Si ou gen yon istwa fanmi kansè nan kolon oswa ou gen gwo risk pou lòt rezon, ou ka bezwen fè tès depistaj pi bonè oswa pi souvan.
Tès poupou
Tès pou detekte san ki kache nan poupou a (FOBT) oswa tès iminochimik nan poupou (FIT) (chak ane)
Tès sa yo chèche san nan poupou ke ou pa ka wè. Yo rele sa san kache oswa okilt. San kache ka yon siy polip oswa kansè kolon. Yo voye yon ti echantiyon poupou a nan yon laboratwa kote yo teste li pou san. Pi souvan, ou kolekte echantiyon sa a lakay ou lè w sèvi ak yon kit founisè swen sante w la ba ou. Asire w ou konnen sa pou w fè epi suiv enstriksyon yo ak anpil atansyon. Pa egzanp, ou ta ka bezwen pa manje sèten manje epi pa pran kèk medikaman anvan ou kolekte poupou pou tès sa a. Si w gen yon FOBT oswa yon FIT ki anòmal, li posib pou ou gen bezwen fè yon koloskopi.
Tès ADN nan poupou(chak 1 a 3 ane)
Tès sa a la pou chache selil nan poupou a ki genyen ADN ki anòmal. Chanjman ADN sa yo ta ka siy kansè oswa polip. Tès sa a chèche tou san ki kache nan poupou. Pou tès sa a, w ap pran tout twalèt ou fक è a. Pou yo fè sa yo sèvi ak yon veso ke yo mete nan twalèt la. Twous la genyen enstriksyon sou fason pou w pran, prepare epi voye poupou yo ale. Li ale nan yon laboratwa pou tès. Si w genyen yon rezilta anòmal pou ADN poupou a, li posib pou ou gen bezwen fè yon koloskopi.
Egzamen vizyèl yo
Koloskopi (chak 10 làne)
Tès sa pèmèt founisè swen sante w la jwenn epi retire polip ki nan kolon oswa rektòm nan. Se sèl tès depistaj ki pèmèt founisè swen sante w la wè tout kolon w ak rektòm ou. Tès sa a pèmèt founisè swen sante w la retire nenpòt moso tisi ki bezwen tcheke pou kansè.
Youn oswa 2 jou anvan tès la, w ap fè yon preparasyon entestinal. Preparasyon entestinal la netwaye kolon ou. Se konsa yo ka wè pawa a pandan tès la. Y ap bay enstriksyon sou ki fason pou w fè preparasyon an. L ap gen ladan yon rejim likid. Lè sa a, w ap sèvi ak yon solisyon laksatif ki fò oswa yon lavman.
Jis anvan tès la, yo ba w medikaman pou fè w dòmi. Lè sa a, founisè swen sante a mete tou dousman yon tib long, fleksib, ki limen (koloskop) nan rèktòm ou. Yo gide sond lan atravè tout kolon ou. Founisè a gade imaj anndan kolon ou sou yon ekran videyo. Nenpòt polip yo wè yo retire yo. Yo voye yo nan yon laboratwa pou yo teste yo. Si yo pa ka retire yon polip, yo retire yon ti moso ladan l pou yo tete l. Si tès yo montre li ta ka yon kansè, yo ka retire polip yo aprè pandan yon operasyon.
Sigmoyidoskopi fleksib (chak 5 làne)
Tès sa a sanble anpil ak yon koloskopi. Men li fèt sèlman sou kolon sigmoyid la ak rektòm nan. Kolon sigmoyid la se 2 dènye pye ki konekte ak rèktòm ou an. Tout kolon an mezire apeprè 5 pye longè.
Youn oswa 2 jou anvan tès la, w ap fè yon preparasyon entestinal. Preparasyon entestinal la netwaye kolon ou. Se konsa yo ka wè pawa a pandan tès la. Y ap bay enstriksyon sou ki fason pou w fè preparasyon an. L ap gen ladan yon rejim likid. Lè sa a, w ap sèvi ak yon solisyon laksatif ki fò oswa yon lavman.
Ou reveye pandan tès la. Men, yo ka ba w medikaman pou ede w detann ou. Founisè swen sante a gide yon tib mens, fleksib, ki limen (sigmoyidoskòp) nan rèktòm ou ak kolon pi ba a. Imaj yo montre sou yon ekran videyo. Yo ka retire polip yo. Yo voye yo nan yon laboratwa pou yo teste yo.
Yon lòt opsyon se sigmoyidoskopi fleksib chak 10 lane, ak yon tès poupou FIT chak ane. Pale ak founisè swen sante w la pou w konn plis.
Koloskopi vityèl (chak 5 ane)
Tès sa a rele tou kolonografi CT. Li itilize yon seri reyon X. Yo fè yon imaj 3-D nan kolon ou ak rektòm ou.
Youn oswa 2 jou anvan tès la, w ap fè yon preparasyon entestinal. Preparasyon entestinal la netwaye kolon ou. Se konsa yo ka wè pawa a pandan tès la. Y ap bay enstriksyon sou ki fason pou w fè preparasyon an. L ap gen ladan yon rejim likid. Lè sa a, w ap sèvi ak yon solisyon laksatif ki fò oswa yon lavman.
Pandan tès la, w ap kouche sou yon tab etwat ki fè pati yon machin radyografi yo rele CT scanner. Y ap mete yon ti tib soup nan rèktòm ou. Sa a ap ranpli kolon ak rèktòm ou ak lè. Tabl la ap glise nan CT scanner a. Y ap fè yon seri radyografi. Yon òdinatè ap konbine yo pou kreye yon imaj 3-D Paske tès la sèvi ak reyon X, li ekspoze ou a yon ti kantite radyasyon. Tès sa a ka fèt san sedasyon. Si yo wè polip oswa nenpòt lòt chanjman, w ap bezwen yon kolonoskopi. Yo fè sa pou yo ka retire tisi a pou teste l.
Pale ak founisè swen sante w la
Pale ak founisè swen sante w la sou ki tès depistaj ki ka pi bon pou ou. Chak tès gen avantaj ak dezavantaj yo. Men, kèlkeswa tès ou fè, sa ki pi enpòtan an se ke ou fè tès depistaj. Si yo jwenn kansè a bonè pandan tès depistaj la, li pi fasil pou trete l. Epi tretman an gen plis chans pou li byen fonksyone. Yo menm ka prevwa kansè a gras ak tès depistaj woutin yo.
Si w fè yon tès depistaj ki pa yon kolonoskopi epi ou gen yon rezilta ki anòmal, w ap bezwen fè swivi ak yon kolonoskopi. Sa a ka pa konsidere kòm yon koloskopi tès depistaj. Franchiz ou ak kopèman w ka aplike. Tcheke ak konpayi asirans sante w la pou w konnen a kisa pou w atann ou.
Mande founisè swen sante w la nan ki nivo risk pou w genyen l yo ye. Ou ka bezwen fè tès depistaj yon lòt lè si ou gen plis risk pou kansè sa a. Pale ak founisè w la sou istwa sante w pou w deside sou plan depistaj ki pi bon pou ou a.