Retinopati Lakay Bebe ki Fèt Anvan Lè
Bebe ki fèt anvan lè yo prezante ris pou fè retinopati (ROP). Retinopati a se yon pwoblèm ki kapab afekte vizyon timoun lan. ROP la se kwasans veso sangen ki pa nòmal yo sou manbran ki pa dèyè anndan je a (retin). Nan sitiyasyon ki grav, veso sangen yo kapab detache retin lan sou do je a.
Kisa ki pwovoke ROP a?
Veso sangen ki sou retin lan pa devlope anvan gwosès la rive nan bout li. Lè yon bebe fèt anvan lè, veso sangen sa yo poko devlope konplètman. Kidonk veso sangen yo kontinye grandi menm aprè nesans bebe sa a. Plizyè faktè nan anviwonman deyò matris la kapab lakoz yo pa grandi nòmalman. Youn nan pwoblèm yo se kapab chanjman ki fèt nan kantite oksijèn ki nan san an. ROP a plis prezan lakay bebe ki fèt anvan lè; ki pi jèn oswa pi piti yo.
 |
Veso sangen ki nòmal yo fòme yon rezo frajil sou retin nan. |
 |
Nan kad yon ROP, veso sangen yo kapab vin laj epi defòme. Yo kapab fòme yon plak tisi ki sikatrize oswa detire retin nan, sa ki kapab lakoz li dekole. |
Kòman yo dyagnostike epi jere ROP a?
Yo pote anpil siveyans ak nivo oksijèn ki nan san tout bebe ki fèt anvan lè ki nan NICU (inite swen entansif pou nouvo bebe). Bebe ki fèt sou oswa pi piti pase 30 semèn ak 6 jou gwosès oswa ki peze 1.500 gram oswa pi piti (52.5 ons oswa pi piti) gen yon pwofesyonèl nan swen je ki egzamine l (opftalmològ). Yon manm kalifye nan ekip swen sante a kapab fè egzamen je yo pou bebe a pandan l ap itilize yon kamera pou l gade pa dèyè anndan je a.
Gen kèk bebe ki peze ant 1,500 a 2,000 gram (52.5 a 70 ons) epi ki gen lòt pwoblèm sante ki kapab nan nesesite pou yo fè egzamen je pou yo, paske yo prezante tou, gwo risk pou yo fè ROP.
Pandan egzamen sa yo, yo itilize gout pou yo agrandi (dilate) pipiy je a. Sa pèmèt pwofesyonèl swen je a gade atravè pipiy la pou l verifye veso sangen yo nan retin nan. Si pwofesyonèl swen je a konstate prezans veso sangen ki pa nòmal, ROP a klase soti nan estad 1 (minim) rive nan estad 5 (grav). Y ap note anplasman veso sangen yo tou.
Premye egzamen an ka fèt nan entèval 4 a 8 semèn aprè nesans lan. Selon rezilta egzamen sa a ak kantite tan bebe a te fè nan matris manman l, l ap bezwen fè egzamen suivi chak 1 a 2 semèn.
Kòman ou ka trete ROP a?
ROP minim lan (estad 1 ak 2) souvan pa bezwen pyès tretman. Bebe ki gen ROP soti nan estad mwayen pou rive nan grav yo kapab bezwen tretman. Tretman an souvan depann de gravite maladi a. Opsyon tretman yo se:
-
Chiriji ak lazè (terapi tèmal lazè oswa fotokowagilasyon). Pwofesyonèl swen je a itilize reyon limyè pou l brile epi sikatrize arebò retin yo. Sa anpeche veso sangen ki pa nòmal yo devlope epi fè presyon sou retin nan.
-
Terapi anti-VEGF. Pwofesyonèl swen je a enjekte medikaman anti-VEGF anndan je a (kò vitre), toupre retin lan; pa dèyè anndan je a. Sa anpeche veso sangen ki pa nòmal yo devlope epi fè presyon sou retin nan. Sa se yon nouvo terapi yo itilize anpil pou trete ROP. Men, terapi alontèm yo toujou an devlopman.
-
Sèk esklewotik. Pwofesyonèl swen je a mete yon bandaj silikòn nan anviwon espas blan je a (esklewotik). Bandaj sa ede pouse je a antre yon fason pou retin nan rete kole sou manbran je a. Y ap retire sèk la aprè, toutotan je a ap grandi. Si yo pa retire l, timoun lan ka vin myòp. Sa vle di l ap gen difikilte pou l wè bagay ki lwen l.
-
Vitrektomi. Pwofesyonèl swen je a retire jèl transparan ki nan mitan je a (kò vitre) epi li mete yon preparasyon ki fèt ak sèl (sèl) nan plas li. Apresa, pwofesyonèl swen je a kapab retire tisi ki sikatrize nan je a yon fason pou retin lan pa dechire. Sèlman bebe ki nan estad 4 oswa 5 ROP yo ki sibi operasyon sa.
-
Kriyoterapi (konjelasyon). Pwofesyonèl je a itilize yon sond an metal pou l jele epi sikatrize arebò retin nan. Sa anpeche veso sangen ki pa nòmal yo pwopaje epi fè presyon sou retin nan. Yo prèske pa itilize tretman sa ankò paske lòt terapi yo jeneralman fonksyone pi byen.
Pale ak founisè swen sante bebe ou a konsènan ki tretman ki apwopriye pou bebe ou a.
Ki efè yo genyen alontèm?
Pa gen efè dirab pou anpil bebe ki soufri ROP. Plis maladi a grav, se plis risk pou w gen twoub vizyèl an pèmanans yo ap ogmante. 7 timoun sou 100 genyen pwoblèm vizyèl alontèm, 3 timoun sou 20 nan estad ROP mwayen an pou rive nan sila ki grav la. Nan kèk ka ki ra, ROP a ka rann timoun lan avèg.
Majorite bebe yo ap bezwen fè egzamen suivi pou je. Bebe ki soufri ROP yo prezante yon gwo risk pou yo gen lòt pwoblèm nan je. Eganp yo kapab myòp, gen je vèwon, epi astigmat. Bebe w la kapab bezwen; swa pote vè oswa lòt trètman.