Kisa ki apenndisit la?
Apenndisit la se yon enflamasyon oswa yon enfeksyon nan apenndis la. Li ka lakoz doulè oswa lòt pwoblèm ki kòmanse rapid epi ki vin pi grav. Tretman an dwe kòmanse touswit pou anpeche pwoblèm grav rive.
Apenndis ou
Apenndis la se yon ti pòch ki gwosè ti dwèt ou. Li nan pwent kolon an (gwo entesten). Fonksyon apenndis la pa fin klè, men yo panse l fè pati sistèm iminitè a, menm jan ak gangliyon lenfatik yo. Si l bloke (bouche), li ka enfekte.

Sentom apenndisit la
Sentom yo gen tandans parèt byen rapid, souvan nan 1 a 2 jou. Tankou:
-
Doulè ki kòmanse nan mitan vant ou epi ki deplase bò kote dwat anba vant ou
-
Ogmantasyon doulè ak presyon sou bò vant ou lè w ap mache
-
Lestomak fè mal (anvi vomi) oswa vomisman
-
Pa gen apeti
-
Lafyèv
-
Fatig
-
Oswa dyare oswa konstipasyon
Tretman
-
Medikaman antibiyotik. Nan kèk ka, founisè swen sante w la ka konseye w yon tretman antibiyotik. Sa ka yon opsyon si apenndis la pa pete epi si ou pa gen lòt pwoblèm oswa risk. Itilizasyon antibiyotik yo ka enpeche yo opere w.
-
Operasyon. Operasyon pou retire apenndis la komen. Se sa yo rele yon apenndisektomi. Se souvan pi bon chwa a. Li preferab pou retire apenndis lan anvan l eklate. Si apenndis la pete, li ka bay gwo pwoblèm sante. Viv san apenndis pa ta dwe afekte sante w alontèm.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.