Dyabèt: Ezamen ak Tès
Pou swànye dyabèt ou a, ou ka wè founisè swen prensipal ou a oswa yon espesyalis 2 a 4 fwa pa ane. Anba a gen yon gid sou egzamen ak tès nòmal yo konseye moun ki soufri dyabèt yo. Li ka sanble anpil pou w fè, men pran swen tèt ou gen avantaj. Sa ap kontribiye alafwa nan byennèt fizik ou ak nan kalite lavi w pou pwochen ane yo. Pou ou aprann plis sou sa, kontakte American Diabetes Association nan www.diabetes.org oswa 800-342-2383.
Tès ak vaksen

Sa yo ta dwe fèt omwen souvan jan yo mande sa pi ba a:
-
Tcheke tansyon. A chak vizit ak yon founisè swen sante. Oswa verifye lakay ou pi souvan si yo konseye w fè sa.
-
A1C. Nan yon premye moman, chak 3 mwa. Si l sou kontrole, chak 3 a 6 mwa.
-
Tès kolestewòl ak lipid sangen. Omwen chak 12 mwa.
-
Tès pipi ak tès san pou verifye kòman ren w yo ap fonksyone. Omwen chak 12 mwa oswa pi souvan.
-
Vaksen kont grip. Yon fwa pa ane.
-
Piki nemoni. Mande founisè w la ki vaksen kont nemoni ki bon pou ou.
-
Vaksen epatit B. Pi bonè sa posib si w gen mwens pase 60 an. Oswa jan founisè swen sante w la te konseye w apre laj 60 an.
-
Vaksen kont zona. Si w gen 50 lane oswa plis, oswa si w gen 19 lane oswa plis, si ou gen yon sistèm iminitè ki fèb. Pran vaksen yo menmsi ou te gen zona oswa ou te gentan pran vaksen kont zona oswa varisèl.
-
Vaksen Tdap. Chak 10 lane. Vaksen sila genyen ladan l pwoteksyon kont tetanòs, difteri ak koklich. Moun ki ansent yo dwe pran yon dòz siplemantè.
-
Vaksen kont Covid-19. Vaksen inisyal ak vaksen rapèl ki ajou yo.
-
Vaksen RSV. Yon dòz si w gen 60 lane oswa plis. Vaksen sa ap pwoteje w kont viris respiratwa sensisyal (respiratory syncytial virus, RSV).
-
Terapi nitrisyonèl pèsonalize. Omwen yon fwa, aprèsa osi souvan sa nesesè.
-
Konsèy pou sispann fimen. Si ou toujou fimen, a chak vizit.
-
Depistaj ensifizans kadyak prekòs. Yon tès san omwen chak ane.
-
Osteyodansitometri. Jeneralman, yo konseye medam yo fè eskanè sa a lè yo fenk ap antre nan menopoz yo epi pou mesye yo, lè yo nan anviwon 50 lane yo.
-
Depistaj maladi ateryèl periferik (Peripheral Artery Disease, PAD). Yo konseye l pou moun ki gen sentom PAD yo, moun ki pa gen sentom PAD yo ki gen 50 lane oswa plis, moun ki gen nenpòt maladi mikwovaskilè oswa ògàn nan kò a dyabèt andomaje oswa konplikasyon nan pye. Depistaj PAD a fèt tou pou moun ki gen dyabèt depi 10 an oswa plis.
-
Lòt tès ak lòt vaksen. Jan founisè w la konseye w.
Egzamen regilye
Egzamen sa yo ap ede w fè prevansyon kont pwoblèm k ap devlope yo epi fè w rete an sante.
Egzamen pou pye
Pwoblèm nè ak veso sangen yo ka afekte pye ou an premye. Fè founisè swen sante ou a verifye pye ou chak lè w al nan vizit. Retire soulye ak chosèt ou yo lè w rantre nan sal egzamen an. Sa pral ede w sonje pou fè yo tcheke pye w. Tcheke pye ou tou lakay ou chak jou. Chèche kwout oswa blesi. Itilize yon glas si ou gen difikilte pou w wè anba pla pye w. Kontakte founisè w la tousuit si w wè pwoblèm.
Egzamen je
Ou ka gen pwoblèm ak je ou menm si ou pa gen pwoblèm pou w wè. Yon founisè swen sante pou zye (oftalmològ) oswa yon optometris ki resevwa yon fòmasyon espesyal ap ba w yon egzamen je dilate omwen yon fwa chak ane. Kontakte founisè ou a san pèdi tan, si ou:
-
Wè tach nwa, limyè flach, oswa bagay k ap flote devan je w
-
Pa wè byen nan limyè fèb
-
Gen doulè nan je oswa presyon
-
Gen nenpòt lòt pwoblèm vizyon
Egzamen dantè yo
Maladi jansiv yo rele tou maladi pawodontal. Maladi jansiv ak lòt pwoblèm nan bouch yo komen lakay moun ki gen dyabèt. Pou ede w evite pwoblèm sa yo, ale kay dantis ou 2 fwa oswa plis nan yon ane. Di dantis la ou gen dyabèt? Di l tout medikaman, vitamin, ak sipleman w ap pran yo.
Mande founisè swen sante w ki lòt egzamen w ap bezwen fè regilyèman.
Online Medical Reviewer:
Chris Southard RN
Online Medical Reviewer:
Rajadurai Samnishanth Researcher
Online Medical Reviewer:
Rita Sather RN
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.