Tchèkòp pou tibebe: 2 Mwa
Pandan tchèkòp 2 mwa a, founisè swen sante a ap egzamine tibebe w la. L ap mande w kijan bagay yo ye lakay ou. Fèy sa a dekri kèk eleman ou ka atann ak yo.

Devlopman ak etap enpòtan
Founisè swen sante a ap poze w kesyon sou ti bebe ou a. Y ap obsève tibebe w la pou yo ka gen yon ide sou devlopman l. Pandan vizit sa, li pwobab pou ti bebe ou a ka fè kèk nan sa yo:
-
Souri, kòm repons ak yon lòt moun (yo rele l "souri sosyal")
-
Bouje toulède bra l ak janm li yo
-
Swiv ou ak je l yo pandan w ap deplase nan tout sal la
-
Kenbe tèt li anlè lè l sou vant
-
Fè bri pase l kriye
Konsèy alimantè
Kontinye nouriti bebe w la swa ak lèt manman oubyen ak lèt an poud. Pou w ede ti bebe ou a manje byen:
-
Pandan jounen an, nouri li omwen chak 2 a 3 zè. Ou ka bezwen leve ti bebe w la pou w ba li manje pandan jounen an.
-
Pandan nuit yo, bay tibebe w la lèt lè li reveye, jeneralman chak 3 a 4 è. Li NÒMAL si tibebe w la dòmi pi plis pase sa. Li pwobab pou w pa bezwen leve tibebe w la pou w ba li manje pandan nuit lan.
-
Sesyon bay tete a konn pran anviwon 10 a 15 minit. Bay ti bebe w la 4 a 6 ons lèt manman oubyen lèt an poud.
-
Si w enkyete sou kantite oubyen kilè ti bebe w la dwe manje, diskite sa ak founisè swen sante li a.
-
Mande founisè a si ti bebe w la dwe pran vitamin D.
-
Pa bay ti bebe w la anyen pou l manje an plis de lèt manman oubyen lèt an poud la. Ti bebe w la twò piti pou l manje nouriti ki solid oubyen pou l pran lòt likid. Yon timoun piti pa ta dwe nan bwè dlo.
-
Mete nan tèt ou ke anpil ti bebe 2 mwa kontinye rann lè yo fin manje. Nan anpil ka, sa nòmal. Rele founisè a san pèdi tan si ti bebe w la ap fòse pou l rann oswa si l ap rann souvan. Oswa si l ap rann lòt bagay ki pa lèt manman oswa lèt matènize.
Konsèy pou ijyèn
-
Kèk ti bebe twalèt kèk fwa nan jounen an. Kèk lòt twalèt yon fwa chak 2 oubyen 3 jou. Pa gen anyen nan sa ki pa nòmal.
-
Se pa yon pwoblèm si ti bebe w la twalèt mwen souvan ke chak 2 ou 3 jou si ti bebe a an sante. Men si ti bebe w la vin ap fè rechinya, rann plis pase nòmal la, manje mwens pase sa l abitye manje, oubyen li twalèt di, di founisè swen an sa. Ti bebe w la ka konstipe (li pa ka twalèt).
-
Twalèt la ka gen koulè soti nan jón moutad pou ale nan mawon oswa vèt. Si li gen yon lòt koulè, di founisè swen an sa.
-
Benyen ti bebe w la kèk fwa pa semèn. Ou ka benyen l pi souvan si ti bebe w la sanble renmen sa. Men kòm ou netwaye ti bebe a lè w chanje daypè li, benyen l souvan chak jou pa nesesè.
-
Li pa pwoblèm pou w itilize krèm lejè oubyen losyon sou po ti bebe a. Pa mete losyon sou men ti bebe a.
Konsèy pou somèy
Nan 2 mwa, pi fò ti bebe yo konn dòmi anviwon 15 a 18 è chak jou. Ti bebe nan laj sa fè ti dòmi pandan jounen an, olye yo fè lè somèy yo a yon sèl kou. Ti bebe a ka ap fè rechinya avan w mete l nan kabann li pou nuit la, nan blòk 6 p.m. pou rive 9 p.m. Sa nòmal. Konsèy pou w ede ti bebe ou a dòmi an sekirite pandan lontan:
-
Mete ti bebe a sou do pou l fè syès ak pou l dòmi jiskaske timoun ou an gen 1 an. Sa ka diminye risk pou ti bebe a pa fè SIDS, aspirasyon ak etoufman. Pa janm mete tibebe a sou kote ni sou vant pou l dòmi oswa pou l fè syès. Lè tibebe a reveye, kite l pase tan l vle sou vant li toutotan w ap siveye pitit ou a. Sa ap ede timoun nan gen yon vant solid e misk kou li yo ap solid. Sa ap ede evite pou tèt li pa plati. Pwoblèm sa rive lè ti bebe yo pase twòp tan sou do yo.
-
Mande founisè swen sante a si w ta dwe kite tibebe w la dòmi ak yon souson nan bouch li. Yo moutre ke dòmi ak souson diminye risk pou ti bebe yo fè SIDS. Men ou pa ta dwe ofri ti bebe a li toutotan li pa fin abitye ak tete a. Si tibebe w la pa vle souson an, pa eseye fòse l pran youn nan bouch li.
-
Pa mete zòrye, gwo dra, oubyen ti nounous nan bèso a. Sa yo ka toufe ti bebe a.
-
Vlope a vle di byen plwaye tibebe w la nan yon dra men ak ase espas pou li ka bouje ranch ak janm li yo. Byen chofe l ka ede ti bebe a santi l an sekirite epi li ap dòmi. Ou ka achte yon kouvèti espesyal ki fèt pou sa pou l ka pi fasil. Men pa itilize metòd sa si ti bebe w la gen 2 mwa oubyen si li pi gran oswa si tibebe w la ka vire pou kont li. Sa ka ogmante risk pou l fè SIDS (sendwom lanmò sibit kay tibebe yo) si tibebe a vire sou vant pandan l nan kouvèti a. Ti bebe w la dwe ka bouje janm li anwo ak deyò nan nivo ranch li. Pa mete janm ti bebe w la konsa kole ansanm epi pou yo bay fas yo drèkteman atè. Sa ogmante risk pou jwenti ranch li yo pa grandi ak devlope kòrèkteman. Sa ka lakoz yon pwoblèm ki rele displazi ak dislokasyon ranch. Fè atansyon lè w ap vlope bebe w la si tanperati a cho oubyen cho anpil. Itilize yon dra ki pwès nan tanperati cho ka fè kò ti bebe a cho depase. Olye de sa itilize yon ti dra lejè oubyen yon ti kouvèti pou kouvri ti bebe a.
-
Pa mete ti bebe w la sou kanape oubyen sou chèz pou l dòmi. Lè w mete tibebe a dòmi sou yon kanape oswa sou yon chèz, sa ogmante risk pou tibebe a mouri, tankou pou li fè SIDS.
-
Pa itilize ni chèz bebe, ni chèz machin, ni pousèt, ni pòt bebe, ni balansin pou bebe a dòmi oswa fè syès. Sa ka lakoz vwa respiratwa ti bebe a bloke oubyen ti bebe a ka sifoke.
-
Sa pa pwoblèm pou w mete ti bebe a nan kabann a je l klè. Sa pa pwoblèm pou w kite ti bebe a kriye pandan yon ti bout tan, men pa plis pase kèk minit. Nan laj sa, tibebe yo poko ka kriye pou jiskaske dòmi pran yo.
-
Si w gen difikilte pou w fè ti bebe w la dòmi, mande founisè swen sante a kèk konsèy.
-
Pa dòmi sou menm kabann ak ti bebe ou a. Yo moutre ke dòmi ak ti bebe a ogmante risk pou ti bebe yo fè SIDS. Akademi Pedyatik Ameriken an (AAP) rekòmande pou ti bebe a dòmi nan menm chanm ak paran yo. Yo ta dwe tou pre kabann paran yo, men nan kabann separe oubyen nan bèso apwopriye pou ti bebe yo. Yo rekòmande aranjman sa pou premye ane ti bebe a, si sa posib. Men ou ta dwe fè sa omwen pandan 6 premye mwa ti bebe a.
-
Toujou kite bèso, kivèt, ak kote ti bebe a ap jwe a byen kontwole. Sa vle di pa gen kòd ki pandye, fil, oubyen fenèt yo byen pwoteje. Sa ap diminye risk pou ti bebe a blese.
-
Pa sèvi ak monitè batman kè ti bebe a ak lòt aparèy espesyal pou ede diminye risk pou ti bebe a pa fè SIDS. Aparèy tankou "wedges, positioners" ak matla espesyal. Aparèy sa yo pa montre yo ka anpeche SIDS vrèman. Nan kèk ka ra, yo konn lakoz lanmò ti bebe a.
-
Diskite sa ak lòt pwoblèm sante ak sekirite ak founisè swen ti bebe w la.
Konsèy pou sekirite
-
Pou w evite tibebe w la boule, pa pote oubyen bwè bwason cho tankou kafe tou pre ti bebe a. Mete chofaj dlo nan kay la nan yon tanperati 120.0 °F (49.0 °C) oubyen mete l pi ba.
-
Pa fimen oubyen kite lòt moun fimen pre ti bebe a. Si ou menm oubyen lòt manm nan fanmi an fimen, fimen deyò epi pa janm fimen pre ti bebe a. Pa janm fimen kote ti bebe a.
-
Sa pa pwoblèm pou w soti ak ti bebe w la. Men ou dwe rete lwen kote ki konfine, foul moun kote ke jèm mikwòb ka pwopaje.
-
Lè w ap sòti deyò ak tibebe a, pa rete twòp nan solèy la avè l. Kite ti bebe a kouvri oubyen chache lonbray ak li.
-
Lè w nan manchin, toujou mete tibebe w la nan yon chèz machin pou timoun ki gen fas li vire sou dèyè. Li sipoze an sekirite nan chèz dèyè a, selon enfòmasyon ki nan chèz machin nan. Pa janm kite ti bebe a nan machin lan poukont li.
-
Pa kite bebe a sou yon sifas ki wo, tankou yon tab, yon kabann oswa yon kanape. Li ka tonbe epi li ka blese. Pa mete tibebe w la nan yon syèj gonflab sou yon sifas ki wo.
-
Gran frè ak gran sè ka kenbe oubyen jwe ak tibebe a toutotan gen yon granmoun ki ap siveye yo.
-
Rele founisè swen sante a san pèdi tan si tibebe a poko gen 3 mwa epi tanperati nan dèyè l nan 100.4° F (38° C) oswa plis.
Vaksen
Sou rekòmandasyon CDC, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
-
Difteri, tetanòs, ak koklich
-
Emofilis enfliyannza tip b
-
Epatit B
-
Nemokòk
-
Polyo
-
Wotaviris
-
Antikò monoklonal pou Viris Respiratwa Sensisyal (RSV)
Mande founisè swen sante tibebe w la ki vaksen ki konseye pou vizit sa.
Vaksen yo ap kenbe ti bebe w la an sante
Vasksen (yo rele yo iminizasyon tou) ede kò ti bebe a fabrike defans kont maladi serye. Bay ti bebe w la tout vaksen yo ap ede l gen mwens risk pou l fè yon SIDS. Gen anpil vaksen yo bay nan yon seri de dòz. Pou pwoteje, timoun ou an ou dwe pran chak dòz yo nan bon lè a. Gen anpil konbinezon vaksen ki disponib. Sa ka ede redui nan kantite piki y ap bezwen pou vaksinen ti bebe w la kont tout maladi enpòtan sa yo. Pale ak founisè swen sante ti bebe w la de benefis vaksen yo ak risk ki ka genyen. Mande l tou kisa pou w fè si ti bebe w la rate yon dòz. Si sa rive, ti bebe w la ap bezwen mete l ajou pou l ka gen pwoteksyon total. Aprè yo fin bay tibebe a vaksen, gen kèk tibebe ki gen efè segondè ki pa twò grav tankou woujè, kote yo te pike yo a anfle, lafyèv, ajitasyon, plede kabicha. Pale ak founisè a sou kòman pou w jere sentom sa yo.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.