Search Results
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tchèkòp bebe: 4 Mwa

Pandan tchèkòp 4 mwa a, founisè swen sante a ap egzamine bebe w la. L ap mande w kijan bagay yo ye lakay ou. Papye sa dekri kèk nan sa w ka atann yo.

Yon ti bebe (tifi) ki nan yon bèso ki ap ba pou l pran yon telefòn

Devlopman ak etap enpòtan

Founisè swen sante a ap poze w kesyon sou ti bebe ou a. L ap obsève bebe w la pou l ka gen yon ide sou devlopman l. Nan vizit sa a pifò ti bebe fè bagay sa yo:

  • Leve tèt li

  • Itilize bra l pou l ka balanse jwèt yo

  • Lè w mete yon jwèt nan men l li kenbe l

  • Fè son tankou "oooo" ak "aahh"

  • Gazouye lè w ap eseye fè l ri

  • Vire tèt li nan direksyon son vwa w

  • Mete men nan bouch li

  • Souri poukont li pou l atire atansyon yon moun k ap bay swen

Konsèy alimantè

Pou w ede ti bebe ou a manje byen:

  • Kontinye nouri tibebe w la ak lèt manman oubyen lèt an poud. Lannuit, nouri bebe w la lè l reveye. Nan laj sa a, bebe a ka fè plis tan ap domi san manje. Sa a pa pwobèm. Jis asire w ou bay bebe w la bwè ase nan jounen an epi l ap grandi byen.

  • Sesyon bay tete a konn pran anviwon 10 a 15 minit. Nan yon bibwon, ogmante tanzantan kantite lèt manman an oswa lèt bebe w ap bay ti bebe w la. Anpil ti bebe ap bwè anviwon 4 a 6 ons. Men sa a ka varye.

  • Si w enkyete w sou kantite oswa sou konbyen fwa ti bebe w la dwe manje, pale sa ak founisè swen sante a.

  • Mande founisè swen sante bebe ou a si bebe w la bezwen pran vitamin D.

  • Mande li ki lè w ta dwe kòmanse bay bebe w la manje solid. Bebe ki an sante yo epi ki fèt sou 9 mwa yo ka kòmanse manje manje mou oswa pire alantou 4 mwa.

  • Anpil bebe 4 mwa kontinye rann lè yo fin manje. Nan anpil ka, sa nòmal. Si w wè yon chanjman bridsoukou nan abitid manje bebe w la, pale sa a ak founisè swen sante a.

Konsèy pou ijyèn

  • Kèk bebe twalèt plizyè fwa nan yon jounen. Kèk lòt twalèt yon fwa chak 2 oubyen 3 jou. Pa gen anyen nan sa ki pa nòmal.

  • Se pa yon pwoblèm si bebe w la twalèt mwen souvan pase chak 2 ou 3 jou si bebe a an sante. Men si bebe w la vin ap fè rechinya tou, li rann plis pase sa li ta dwe rann, li manje mwens pase sa l abitye manje, oubyen li twalèt di, pale sa ak founisè swen sante a. Bebe w la ka konstipe. Sa a vle di li pa ka twalèt.

  • Twalèt bebe w la dwe gen yon koulè soti nan jòn moutad pase nan mawon pou tonbe nan vèt. Si bebe w la kòmanse manje manje ki solid, twalèt la ap chanje konsistans ak koulè. 

  • Benyen tibebe w la anviwon 3 fwa chak semèn. Lè w benyen bebe w la twò souvan sa ka lakoz po li sèk.

Konsèy pou somèy

A 4 mwa, pi fò bebe yo dòmi anviwon 15 a 18 èdtan chak jou. Ti bebe nan laj sa a fè ti bout dòmi plizyè fwa pandan jounen an, olye yo dòmi yon sèl kou pandan yon bon valè tan. Li pwobab pou sa a chanje nan pwochen mwa yo lè bebe w la vin abitye fè syès nan lè ki regilye. Li nòmal pou bebe a rechinya anvan li ale nan kabann pou nuit lan (vè 6 è nan aswè a 9 è nan aswè). Pou w ede tibebe ou a byen dòmi an tout sekirite:

  • Mete bebe a dòmi sou do jiskaske li gen 1 làne. Mete li dòmi sou yon sifas ki fèm epi ki plat. Sa a ka diminye risk pou ti bebe a fè SIDS (Sendwom Lanmò Sibit Lakay ti Bebe). Sa a diminye risk pou l respire likid (aspirasyon) epi toufe. Pa janm mete bebe a sou kote ni sou vant pou l dòmi oswa pou l fè syès. Si bebe a reveye, kite l rete sou vant li depi gen moun ki ap veye l. Sa ap ede vant timoun nan ak misk kou li yo vin fèm. Sa a ap ede nou diminye sa yo rele dèyè tèt plat la. Sa a kapab rive lè bebe yo pase twòp tan sou do yo.

  • Mande founisè swen sante a si w ta dwe kite tibebe w la dòmi ak yon souson nan bouch li. Yo moutre dòmi ak souson diminye risk pou ti bebe yo fè SIDS. Men ou pa ta dwe ba l youn toutotan li pa fin abitye ak tete a. Si ti bebe w la pa vle souson, pa fòse l pran l.

  • Kouvri bebe a nèt (vlope) nan laj sa a ka yon danje. Si yo vlope yon ti bebe nan yon dra epi li woule sou vant, li ka toufe. Pa itilize dra pou w vlope ti bebe yo. Itilize pito yon dra pou dòmi pou ti bebe a ka rete cho epi pou bra li yo lib.

  • Pa mete arebò, zòrye, gwo dra, oubyen ti nounous nan bèso a. Sa yo ka toufe ti bebe a.

  • Pa mete tibebe w la sou kanape oubyen sou chèz pou l dòmi. Lè w mete tibebe a dòmi sou yon kanape oswa sou yon chèz, sa ogmante risk pou tibebe a mouri, tankou pou li fè SIDS.

  • Pa itilize ni chèz bebe, ni chèz machin, ni pousèt, ni pòt bebe, ni balansin pou bebe a dòmi oswa fè syès. Sa yo ka lakoz vwa respiratwa l bouche (blokaj) oubyen li toufe.

  • Pa dòmi sou menm kabann ak bebe w la. Yo moutre dòmi ak bebe yo ogmante risk pou bebe yo fè SIDS. Akademi Pedyatik Ameriken an (American Academy of Pediatrics, AAP) rekòmande pou bebe a dòmi nan menm chanm ak paran l yo, tou pre kabann paran yo, men nan kabann apa oswa nan bèso ki apwopriye pou bebe yo. Fason pou dòmi sa yo, yo rekòmande yo ideyalman pou premye ane bebe a. Men li dwe dire pandan omwen 6 premye mwa l yo. 

  • Toujou mete bèso, pànye, ak kote pou bebe a jwe nan yon espas ki san danje. Sa a se pou redui tout risk pou bebe a trangle. Asire w pa gen kòd, fil, oswa rido ki pandye. 

  • Sa a se bon laj pou w kòmanse woutin pou dòmi an. Pandan w ap fè menm bagay la chak swa anvan ti bebe a ale nan kabann li, tibebe a ap aprann konnen lè moman pou l al dòmi an rive. Pa egzanp, woutin lè kabann lan ka yon beny, apre sa li tete oswa pran bibwon, apre sa ou mete l kouche pou l dòmi.

  • Se PA yon pwoblèm si w kite tibebe a kriye nan kabann li. Sa a ka ede bebe a aprann dòmi tout nuit la. Pale ak founisè swen sante a sou konbyen tan l ta dwe kriye anvan w al pran l.

  • Si w gen difikilte pou w fè ti bebe w la dòmi, mande founisè swen sante a kèk konsèy.

Konsèy pou sekirite

  • Nan laj sa, tibebe yo konn kòmanse ap mete bagay nan bouch yo. Pa kite tibebe w la jwenn okenn bagay ki piti ase pou toufe l. Jan nou konnen l deja, yon bagay ki piti ase pou l pase nan woulo yon papye twalèt ka lakoz timoun nan toufe.

  • Lè w ap sòti deyò ak tibebe a, pa rete twòp nan solèy la avè l. Kite bebe a kouvri oswa al nan lonbraj ak li. Mande founisè swen sante bebe w la si sa a pa pwoblèm pou w pase krèm solèy sou po bebe w la.

  • Lè w nan manchin, toujou mete bebe w la nan chèz machin pou timoun ki bay fas pa dèyè. Li dwe fikse nan chèz dèyè a. Suiv enstriksyon ki tou vini ansanm ak chèz pou machin nan. Pa janm kite ti bebe a nan machin lan poukont li.

  • Pa kite bebe a sou yon sifas ki wo, tankou yon tab, yon kabann oswa yon kanape. Li ka tonbe epi li ka blese. Ni tou pa mete bebe w la nan yon chèz gonflab yon kote ki wo.

  • Yo pa konseye twotinèt a woulèt yo. Aktivite ki pa mande pou l bouje yo gen plis sekirite. Pale ak founisè swen sante a si w gen kesyon sou ki jwèt ak ekipman ki plis an sekirite pou ti bebe w la. 

  • Gran frè ak gran sè ka kenbe oubyen jwe ak tibebe a toutotan gen yon granmoun ki ap siveye yo. 

Vaksen

Sou rekòmandasyon CDC, nan vizit sa a yo ka bay timoun ou an vaksen sa yo:

  • Difteri, tetanòs, ak koklich

  • Emofilis enfliyannza tip b

  • Nemokòk

  • Polyo

  • Wotaviris

  • Antikò monoklonal pou Viris Respiratwa Sensisyal (RSV)

Mande founisè swen sante tibebe w la ki vaksen ki konseye pou vizit sa. Bay ti bebe w la tout vaksen yo ap ede l gen mwens risk pou l fè yon SIDS.

Tounen al travay

Ou gendwa te deja retounen nan travay oswa w ap prepare w pou ou fè sa nan yon ti tan ki kout. Antouka, li nòmal pou w santi w enkyè oswa koupab pou w kite tibebe w la nan men yon moun pou l pran swen l. Konsèy sa yo ka ede w nan pwosesis la:

  • Pataje enkyetid ou a ak konjwen w la. Travay ansanm ak li pou n fè yon orè ki ap fè ekilib ant travay nou ak swen tibebe a.

  • Mande zanmi w oubyen fanmi w ki gen timoun pou yo rekòmande w yon nounou oubyen yon gadri.

  • Anvan w kite tibebe a ak yon moun, byen chwazi moun sa. Gade kòman l ap pran swen ti bebe w la. Poze kesyon epi tcheke referans yo. Aprann konnen moun ki ap pran swen ti bebe w la konsa ou ap ka devlope yon relasyon konfyans ak li.

  • Toujou di tibebe w la orevwa epi di l w ap retounen aprè. Menm yon timoun nan laj sa ap konprann ton vwa rasiran w lan.

  • Si w ap ba l tete, pale a founisè swen sante a oswa a yon konsiltan alètman kijan pou w kontinye fè sa a. Anpil lopital ofri kou ak sipò pou manman k ap bay tete yo ka tounen nan travay yo.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer