Search Results
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

TchèkòpSante Timoun: 11 làne rive 13 Làne

Ant laj 11 ak 13 làne, pitit ou a ap grandi epi chanje anpil. Li enpòtan pou w kontinye fè tchèkòp chak àne pou founisè swen sante a ka swiv pwogrè sa yo. Nan moman pitit ou a ap antre nan pibète, li ka vin pi jennen pou l fè yon tchèkòp. Asire pitit ou a epi di l egzamen an nòmal epi li nesesè. Ou dwe konnen founisè swen sante a ka mande pou l pale ak timoun nan san ou pa nan sal egzamen an.

Pwoblèm eskolè ak pwoblèm sosyal

Men kèk sijè ou menm, timoun ou an, ak founisè swen sante li a dwe vle disktite pandan vizit sa a:

  • Rezilta lekòl. Ki jan pitit ou a ye lekòl la? Èske l fini devwa l nan lè? Èske pitit ou a rete òganize? Sa yo se konpetans ou ka ede l devlope yo. Sonje, si rezilta lekòl li yo bese, se kapab yon siy ki di gen lòt pwoblèm.

  • Zanmitay. Èske w renmen zanmi timoun ou an? Èske li fè bon zanmitay? Asire w ou pale ak pitit ou a de kiyès zanmi l yo ye ak sou fason yo pase tan ansanm. Sa a se laj kote presyon kanmarad ka kòmanse vin yon pwoblèm.

  • Lavi lakay. Ki konpòtman pitit ou a genyen? Èske li antann li byen ak lòt moun nan fanmi an? Èske li respekte ou menm, lòt granmoun yo, ak otorite yo? Èske pitit ou a patisipe nan aktivite fanmi yo, oswa èske li rete lwen moun nan fanmi an?

  • Konpòtman ki gen risk yo. Li pa twò bonè pou w kòmanse pale pitit ou a de dwòg, alkòl, fimen, ak sèks. Asire w pitit ou a konprann bagay sa yo pa aktivite li dwe fè, menm si zanmi l yo ap fè yo. Reponn kesyon pitit ou a, epi ou pa bezwen pè poze pwòp kesyon w. Asire w pitit ou a konnen li ka toujou vin mande w èd. Si w pa fin sèten kijan pou w abòde sijè sa yo, pale ak founisè swen sante a pou w jwenn konsèy.

Antre nan pibète

Pibète se etap kote yon timoun kòmanse devlope seksyèlman pou l ka vin yon granmoun. Anjeneral li kòmanse ant 9 ak 14 làne pou ti fi, epi ant 12 ak 16 làne pou ti gason. Men egzanp kèk bagay ou ka atann k ap rive lè pibète a kòmanse:

  • Akne ak sant kò. Òmòn ki ogmante pandan pibète a ka lakoz li gen akne (bouton) nan figi l ak sou kò l. Òmòn yo ka ogmante transpirasyon l tou epi lakoz li gen gwo sant. Nan laj sa a, pitit ou a ta dwe kòmanse benyen chak jou. Ankouraje pitit ou a sèvi ak deyodoran ansanm ak pwodwi pou bouton si sa nesesè.

  • Chanjman kòporèl lakay ti fi yo. Nan kòmansman pibète a, tete yo kòmanse pouse. Yon tete souvan kòmanse pouse anvan lòt la. Sa nòmal. Plim kòmanse pouse nan zòn pibyen an, anba bra yo, ak nan pye yo. Anviwon 2 làne apre tete yo te kòmanse grandi a, yon ti fi pral kòmanse gen règ chak mwa (manstriyasyon). Pou w prepare pitit fi ou a pou chanjman sa, pale l de règ, a kisa pou l atann li, ak kijan pou l itilize pwodwi pou fi yo.

  • Chanjman kòporèl lakay ti gason yo. Nan kòmansman pibète a, testikil yo desann pi ba epi sak grenn nan vin pi fonse epi li vin pi lach. Plim kòmanse pouse nan zòn pibyen an, anba bra yo, ak nan pye yo, nan lestomak li, ak nan figi l. Vwa a chanje, li vin pi gra ak pi nan gòj. Kòm peni tigason an ap grandi epi rive nan matirite, l ap kòmanse gen ereksyon epi l ap kòmanse fè "rèv mouye". Asire pitit gason w la pandan w ap di l sa nòmal.

  • Chanjman emosyonèl. Anplis chanjman fizik sa yo, w ap petèt remake chanjman nan pèsonalite pitit ou a. Ou ka remake pitit ou a kòmanse sou renmen epi vin "plis pase zanmi" ak lòt moun. Epitou, anpil timoun vin rebèl epi vin gen yon atitid negatif lè yo rive nan laj pibète. Sa a ka fristran, men li nòmal. Eseye pasyan epi koyeran. Ankouraje konvèsasyon yo, menm lè pitit ou a sanble pa vle pale. Kèlkeswa jan pitit ou a konpòte l, li toujou bezwen yon paran.

Konsèy pou nitrisyon ak ekzèsis

Fanmi k ap fè ji fwi.

Jodi a, timoun yo mwens aktif epi yo manje plis vye tchaw pase anvan. Pitit ou a kòmanse fè chwa sa pou l manje ak ki aktivite fizik l ap fè. Ou ka pa toujou gen dènye mo a, men ou ka ede pitit ou a devlope bon abitid yo. Men kèk ti konsèy:

  • Ede pitit ou a fè omwen 60 minit aktivite chak jou. Ou ka separe tan sa a sou tout jounen an. Si gen move tan oswa ou enkyete w pou sekirite l, jwenn aktivite andedan kay ki sipèvize. 

  • Limite "tan timoun ou an devan ekran" a 1 è chak jou. Tankou tan li pase ap gade tele, jwe jwèt videyo, itilize òdinatè, ak ekri. Si pitit ou a gen yon tele, oswa yon jwèt videyo nan chanm li, panse ranplase l ak yon aparèy pou jwe mizik. Pou anpil timoun, danse ak chante se fason ki amizan pou yo bouje.

  • Limite bwason sikre li ap konsome yo. Kola, ji, ak bwason enèjizan ap mennen nan pwa ki pa sen ak kari nan dan. Li ap pi bon pou timoun ou an bwè dlo ak lèt ki pa gra oubyen ki pa gen anpil grès. Avèk moderasyon (pa plis pase 8 ons chak jou), 100% ji fwi bon. Kite kola ak lòt bwason dous yo pou okazyon espesyal yo.

  • Manje omwen yon manje ansanm chak jou. Orè chaje souvan limite tan pou n chita ak pou n pale. Chita ak manje ansanm pèmèt nou pase tan ant fanmi. Li pèmèt ou wè tou kisa ak ki jan pitit ou a manje.

  • Fè atansyon ak kantite yo. Sèvi pitit ou a pòsyon ki rezonab pou laj li. Kite li sispann manje lè vant li plen—pa fè l ba w asyèt li a blanch. Ou dwe konnen apeti anpil timoun ogmante pandan pibète a. Si pitit ou a toujou grangou apre l fin manje, ba li legim oswa fwi ankò.

  • Bay epi ankouraje manje ki bon pou sante yo. Pitit ou a ap pran plis desizyon konsènan manje l poukont li. Tout manje gen plas yo nan yon rejim ki ekilibre. Li ta dwe manje fwi, legim, vyann mèg, ak sereyal antye chak jou. Kite manje ki mwens sen—tankou pòmdetè fri, friyandiz, sirèt, ak chips—pou yon okazyon espesyal. Lè pitit ou a chwazi manje tchaw, panse pou w fè l achte l ak pwòp lajan l. Mande pitit ou a pou l di w lè li achte vye tchaw oswa lè l chanje manje ak zanmi.

  • Mennen timoun ou an kay dantis omwen de fwa nan ane a pou yo netwaye dan l ak verifye yo.

Konsèy pou somèy

Nan laj sa, timoun ou an bezwen anviwon 10 èdtan somèy cha swa. Men kèk ti konsèy:

  • Mete yon lè pou timoun ou an al dòmi epi asire w li suiv li chak swa.

  • Televizyon, òdinatè, ak jwèt videyo ka ajite yon timoun epi fè l pa ka kalme li pou nuit lan. Etèn yo omwen inè anvan timoun nan ale nan kabann. Olye de sa a, ankouraje pitit ou a li anvan li dòmi.

  • Si pitit ou a gen yon telefòn selilè, asire w li fèmen l leswa.

  • Pa kite pitit ou a dòmi byen ta oswa leve ta lè wikenn. Sa a ka deranje abitid somèy li epi fè li pi difisil pou l dòmi lè gen lekòl yo.

  • Raple timoun ou an pou l bwose dan l ak pase fi dantè nan dan l anvan l ale dòmi. Kontwole toupiti kòman timoun ou an pran swen dan li yon fwa pa semèn pou asire w li iilize teknik apwopriye yo.

Konsèy pou sekirite

Rekòmandasyon pou w ka kenbe pitit ou a an sekirite yo gen sa yo ladan yo: 

  • Lè l ap woule paten a woulèt oswa lè l ap itilize scooter oswa skateboard, pitit ou a dwe mete yon kas ki boukle. Lè l ap itilize paten a woulèt, scooter oswa skateboard, li bon tou pou pitit ou a mete pwotèj pwànye, pwotèj koud, ak pwotèj jenou.

  • Nan machin, tout timoun ki gen pi piti pase 13 làne dwe chita sou chèz dèyè a. Timoun ki pi kout pase 4'9" (57 pous) dwe kontinye itilize yon chèz wo pou yo byen mete senti sekirite a.

  • Si pitit ou a gen yon telefòn selilè oswa yon aparèy mizik, asire w li itilize yo yon fason ki san danje epi ki responsab. Pa kite pitit ou a pale nan telefòn, ni voye sms, ni koute mizik nan kas lè l ap monte bekàn oswa lè l ap mache deyò. Raple pitit ou a pou l fè anpil atansyon lè l ap travèse lari.

  • Koute mizik byen fò tout tan ka lakoz domaj nan zòrèy li, kidonk kontwole volim aparèy mizik pitit ou a. Anpil aparèy mizik pèmèt ou fikse nan ki limit volim nan ka monte. Verifye enstriksyon yo pou plis detay.

  • Nan laj sa a, timoun yo ka kòmanse pran risk ki ka danjere pou sante yo oswa pou byennèt yo. Pafwa move desizyon yo soti nan presyon kanmarad li yo. Kèk lòt fwa, timoun yo jis pa panse ak sa ki ka rive yo. Aprann pitit ou a enpòtans pou l pran bon desizyon. Eksplike l ki fason pou l rekonèt presyon kanmarad li yo epi jwenn estrateji pou l reziste ak yo.

  • Chanjman toudenkou nan jan pitit ou a santi l, nan konpòtman l, nan zanmitay li, oswa nan aktivite l kapab siy avètisman ki di li gen pwoblèm nan lekòl li oswa nan lòt aspè nan lavi l. Si w remake siy sa yo, pale ak pitit ou a epi ak pèsonèl lekòl li a. Founisè swen sante a kapab ba w konsèy tou.

Vaksen

Sou rekòmandasyon Asosyasyon Ameriken Pedyatri a (American Association of Pediatrics), nan vizit sa a y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:

  • Papiyomaviris imen (HPV) (11 a 12 làne)

  • Grip, chak ane

  • Menengokòk (11 a 12 làne)

  • Tetanòs, difteri, ak koklich (11 a 12 làne)

  • COVID-19

Rete ajou konsènan rezo sosyal yo

Nan lè enfòmatik sa a, timoun yo plis "konekte" ak zanmi—pètèt menm ak zanmi yo pa janm rankontre an pèsòn. Pou w ka aprann pitit ou a ki jan pou l itilize medya sosyal yo yon fason responsab:

  • Fikse yon limit pou itilizasyon telefòn selilè, òdinatè ak entènèt. Raple pitit ou a ou ka tcheke istorik navigatè entènèt la ak jounal telefòn nan pou w konnen ki jan li itilize aparèy sa yo. Itilize kontwòl paran ak modpas pou w anpeche l monte sou sit entènèt ki pa apwopriye yo. Sèvi ak paramèt konfidansyalite sit entènèt yo pou se sèlman zanmi pitit ou a ki ka wè pwofil li.

  • Eksplike pitit ou a danje ki genyen nan bay enfòmasyon pèsonèl sou entènèt. Aprann pitit ou a pou li pa pataje nimewo telefòn, adrès, foto, oswa lòt enfòmasyon pèsonèl ak zanmi sou entènèt san pèmisyon w.

  • Asire w pitit ou a byen konprann bagay li “di” sou entènèt yo pa janm prive. Moun yo pa t menm fè pòs yo pou yo kapab wè pòs ki pibliye sou sit entènèt tankou Facebook, TikTok, ak Instagram . Yo ka mal konprann pòs yo byen fasil epi yo ka menm bay ou menm oswa pitit ou a pwoblèm. Sipèvize jan pitit ou a ap itilize rezo sosyal yo, sal tchat yo, ak bwat mesaj li.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer