TchèkòpSante Timoun: 14 làne rive 18 Làne
Pandan àne adolesans yo, li enpòtan pou w kontinye fè tchèkòp chak àne. Adolesan w lan ka jennen pou l fè yon tchèkòp. Asire adolesan w lan epi di l egzamen an nòmal epi li nesesè. Ou dwe konnen founisè swen sante a ka mande pou l pale ak pitit ou a san ou pa nan sal egzamen an.

Pwoblèm eskolè ak pwoblèm sosyal
Men kèk sijè ou menm, adolesan w lan ak founisè swen sante a ka vle pale de yo pandan vizit sa a:
-
Rezilta lekòl. Ki jan pitit ou a ye lekòl la? Èske l fini devwa l nan lè? Èske pitit ou a rete òganize? Sa yo se konpetans ou ka ede l devlope yo. Sonje, si rezilta lekòl li yo bese, se kapab yon siy ki di gen lòt pwoblèm.
-
Zanmitay. Èske w renmen zanmi timoun ou an? Èske li fè bon zanmitay? Asire w ou pale ak adolesan w lan de kiyès ki zanmi l ak fason yo pase tan ansanm. Presyon kamarad yo kapab yon pwoblèm pami adolesan yo.
-
Lavi lakay. Ki konpòtman pitit ou a genyen? Èske yo byen antann yo ak lòt manm nan fanmi an? Èske yo respekte w, repekte lòt granmoun yo, ak otorite yo? Èskee timoun ou an patisipe nan evènman familyal yo, oswa li rete lwen lòt manm fanmi yo?
-
Konpòtman ki gen risk yo. Anpil adolesan entèrese pou konnen plis konsènan dwòg, alkòl, fimen, ak sèks. Pale aklè de pwoblèm sa yo. Reponn kesyon pitit ou a, epi ou pa bezwen pè poze pwòp kesyon w. Si w pa fin sèten kijan pou w abòde sijè sa yo, pale ak founisè swen sante a pou w jwenn konsèy.
Pibète
Adolesan w lan ka santi kèk nan chanjman pibète yo toujou, tankou:
-
Akne ak sant kò. Òmòn ki ogmante pandan pibète a ka lakoz li gen akne (bouton) nan figi l ak sou kò l. Òmòn yo ka ogmante transpirasyon l tou epi lakoz li gen gwo sant.
-
Chanjman nan kò l. Kò a grandi epi li devlope pandan pibète a. Plim ap pouse nan zòn pibyen an ak nan lòt pati nan kò a. Ti fi pouse tete epi yo fòme (gen règ chak mwa). Vwa ti gason yo chanje, li vin pi gra ak pi nan gòj. Kòm peni tigason an ap rive nan matirite, l ap kòmanse gen ereksyon epi l ap kòmanse fè rèv mouye. Pale adolesan w lan de a kisa pou l atann li epi ede l fè fas ak chanjman sa yo lè sa posib.
-
Chanjman emosyonèl. Anplis chanjman fizik sa yo, w ap petèt remake chanjman nan pèsonalite adolesan w lan. Yo ka devlope yon enterè pou ti randevou yo epi vin “plis ke zanmi” avèk lòt adolesan parèy yo. Epitou, li nòmal pou adolesan ou an min. Eseye pasyan epi koyeran. Ankouraje konvèsasyon menm lè yo sanble pa sou pale. Kenenpòt fason adolesan w lan ap aji, li toujou bezwen yon paran.
Konsèy pou nitrisyon ak ekzèsis
Li pwobab pou adolesan w lan pran pwòp desizyon l sou sa l ap manje ak kijan l ap pase tan lib li yo. Ou ka pa toujou gen dènye mo a, men ou ka ankouraje bon abitid yo. Adolesan w lan ta dwe:
-
Fè omwen 60 minit aktivite fizik chak jou. Ou ka separe tan sa a sou tout jounen an. Espò apre lekòl, kou dans oswa kou amasyal, monte bekàn, oswa menm mache pou al lekòl oswa ale kay yon zanmi konte kòm aktivite.
-
Limite tan devan ekran yo. Tankou tan li pase ap gade tele, jwe jwèt videyo, itilize òdinatè oubyen tablèt, ak ekri mesaj. Si timoun ou an gen yon tele, oubyen yon konsòl jwèt videyo nan chanm li, anvizaje retire l.
-
Byen manje. Adolesan w lan ta dwe manje fwi, legim, vyann mèg, ak sereyal antye chak jou. Yo ta dwe manje manje ki mwens sen tankou pòmdetè fri, friyandiz, ak chips yo raman. Gen kèk adolesan ki tonbe nan pyèj pou manje tchaw ak fasfoud (fast-food) vire tounen pandan tout jounen an. Asire w kwizin nan plen ti bat bouch ki bon pou sante, yo ka chwazi pou yo manje apre lekòl. Si adolesan w lan chwazi manje move manje anvizaje pou fè l achte l ak pwòp lajan l.
-
Manje 3 manje pa jou. Anpil timoun sote manje maten epi menm sote manje midi a. Non sèlman sa pa bon, men sa ka aji sou rezilta lekòl li yo tou. Asire w adolesan w lan manje manje maten. Si adolesan w lan pa renmen manje yo bay lekòl la kòm manje maten an, kite l prepare bwat li.
-
Fè l manje avè w omwen 1 fwa chak jou. Orè chaje souvan limite tan pou n chita ak pou n pale. Chita ak manje ansanm pèmèt nou pase tan ant fanmi. Li pèmèt ou wè tou kisa ak ki jan pitit ou a manje.
-
Limite kantite bwason gazez yo ak ji yo. Ou ka bwè yon ti gazez yon lè konsa. Men, gazez, bwason espò, ak lòt ji yo pa ranplase bwason ki pi bon pou sante yo. Bwason espò yo ak ji yo pa pi bon. Dlo ak lèt ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès se pi bon chwa a.
Konsèy pou ijyèn
Rekòmandasyon pou yon bon ijyèn gen sa yo ladan yo:
-
Adolesan yo dwe benyen chak jou epi sèvi ak deyodoran.
-
Fè founisè swen sante a konnen si oumenm oswa adolesan w lan gen kesyon sou ijyèn oswa sou akne.
-
Mennen adolesan w lan kay dantis omwen de fwa pa àne pou l netwaye dan l ak fè tchèkòp.
-
Raple adolesan w lan pou l bwose dan l epi itilize yon fil dantè anvan l dòmi.
Konsèy pou somèy
Pandan adolesans la, abitid dòmi yo ka chanje. Anpil adolesan gen difikilte pou yo dòmi. Sa ka mennen nan ret dòmi jis byen ta nan demen maten. Men kèk pratik pou ede adolesan w lan pran repo li bezwen an:
-
Ankouraje adolesan w lan pou l gen yon lè pou l al dòmi, menm lè wikenn. Ou dòmi pi fasil lè kò a ap suiv yon woutin. Pa kite adolesan w lan al dòmi twò ta lè swa oswa ret dòmi jis byen ta twò lontan nan demen maten.
-
Ede pitit ou a reveye l, si sa nesesè. Ale nan chanm nan, ouvri pèsyèn yo, epi fè adolesan w lan leve nan kabann li—menm lè wikenn oswa lè vakans.
-
Ret aktif pandan jounen an ap ede pitit ou a dòmi pi byen lè swa.
-
Pa ankouraje itilizasyon televizyon, òdinatè, oswa jwèt videyo pandan omwen inèdtan anvan adolesan w lan ale nan kabann li. (Sa se yon bon konsèy pou paran yo tou!)
-
Mete yon règ ki di telefòn yo dwe fèmen lè swa.
Konsèy pou sekirite
Rekòmandasyon pou kenbe adolesan w lan an sekirite tankou sa anba yo:
-
Mete règ sou fason pou adolesan w lan pase tan deyò. Bay pitit ou a yon kouvrefe pou nuit la. Si pitit ou a gen telefòn pòtab, tcheke sou li detanzantan pou w mande l kote l ye ak kisa l ap fè.
-
Asire w yo itilize telefòn yo yon fason ki san danje epi ki responsab. Ede adolesan w nan konprann ke se yon danje pou l ap pale nan telefòn, voye mesaj, oswa tande mizik avèk kas pandan l sou bekàn oswa a pye deyò, espesyalman lè l ap travèse lari.
-
Tande mizik fò san rete ka bay pwoblèm nan zòrèy, kidonk tcheke volim mizik adolesan w lan ap tande. Anpil aparèy pèmèt ou fikse nan ki limit volim nan ka monte. Verifye enstriksyon yo pou plis detay.
-
Lè adolesan w lan gen laj pou l gen pèmi l, ankouraje l kondi ak pridans. Aprann adolesan w lan pou l toujou mete senti sekirite, respekte limit vitès la, epi suiv kòd wout la. Pa kite adolesan w lan voye tèks ni pale nan telefòn pandan l ap kondi. (Epi pa fè sa yo tou ou menm! Sonje, bay egzanp lan.)
-
Mete règ ak limit konsènan jan pou l kondi ak jan pou l itilize machin nan. Si adolesan w lan pran yon kontravansyon oswa si l fè yon aksidan, dwe gen konsekans. Kondi se yon privilèj pitit ou a ka pèdi si l pa respekte règ yo. Pale ak timoun ou an sou danje konsomasyon alkòl ak dwòg ka reprezante lè y ap kondi.
-
Aprann pitit ou a pou l pran bon desizyon konsènan dwòg, alkòl, sèks, ak lòt konpòtman ki gen risk yo. Travay ansanm pou n vini ak estrateji pou l rete an sekirite epi pou l reziste ak presyon kanmarad yo. Asire w ke adolesan w lan konnen l ka toujou vin kote w si l bezwen èd.
-
Aprann pitit ou a pou l pa janm manyen yon zam. Si w gen zam toujou kite l dechaje epi fèmen yon kote avèk bal yo fèmen yon lòt kote.
Tès ak vaksen
Si w gen anpil ka kolestewòl wo nan fanmi w, yo ka teste kolestewòl nan san adolesan w lan pandan vizit sa a. Sou rekòmandasyon CDC a, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
-
Menengokòk
-
Grip (flu), chak ane
-
COVID-19
Rete branche medya sosyal yo
Nan epòk dijitalize sa a, adolesan yo pi “konekte” avèk zanmi—li posib pou gen kèk yo pa janm rankontre an pèsòn. Pou w aprann adolesan w lan itilize medya sosyal yon fason ki responsab:
-
Mete limit pou itilizasyon telefòn pòtab yo, tablèt yo, òdinatè a, ak entènèt la. Raple adolesan w lan ou ka verifye istorik navigatè entènèt ak jounal telefòn pòtab yo pou w ka konn kòman aparèy sa yo itilize. Itilize kontwòl paran ak modpas pou w anpeche l monte sou sit entènèt ki pa apwopriye yo. Itilize paramèt pou konfidansyalite sit entènèt yo pou se sèlman zanmi pitit ou a ki ka wè pwofil li.
-
Eksplike pitit ou a danje ki genyen nan bay enfòmasyon pèsonèl sou entènèt. Aprann timoun ou a pou l pa pataje nimewo telefòn li, adrès li, foto yo, oswa lòt detay pèsonal ak zanmi sou entènèt san otorizasyon w.
-
Asire w ke timoun ou an konprann ke bagay l ap “di” sou entènèt la pa janm prive vre. Moun yo pa konnen ka wè imaj yo pibliye sou sit entènèt tankou Facebook, Instagram, TikTok, ak Twitter. Yo ka mal konprann piblikasyon yo e sa ka menm lakoz pwoblèm pou ou oswa pou adolesan w lan. Siveye kijan adolesan w lan itilize medya sosyal, telefòn pòtab, ak entènèt.
Rekonèt siy depresyon
Li nòmal pou adolesan yo gen gwo chanjman nan jan yo santi yo ki se rezilta òmòn yo k ap chanje. Li se tou senpleman yon etap nan kwasans. Men pafwa chanjman nan jan yon adolesan santi l se siy ki di gen yon pi gwo pwoblèm. Si adolesan w lan parèt deprime pandan plis pase 2 semèn, ou dwe enkyete w. Lòt siy depresyon yo se:
-
Pran dwòg oswa alkòl
-
Bay pwoblèm nan lekòl li ak nan kay la
-
Sove kite kay la souvan
-
Li pa ret sou fanmi ak zanmi
-
Chanjman toudenkou nan abitid manje l yo oswa nan abitid dòmi l yo
-
Pwomiskuite seksyèl oswa gwosès ki pa t plànifye
-
Konpòtman ostil oswa raj
-
Pèdi gou pou viv
Tretman ka ede adolesan ki deprime yo. Pale de enkyetid ou yo ak founisè swen sante pitit ou a. Oswa kontakte sant sante mantal, ajans sèvis sosyal, oswa lopital lokal ou a. Asire adolesan w lan ke doulè l yo ka soulaje. Ofri l lanmou w ak sipò w. Si adolesan w lan ap pale de lanmò oswa suisid oswa si l gen entansyon fè tèt li oswa lòt moun mal, chèche èd kounya. Rele oswa ekri yon mesaj nan 988. Y ap mete w an kontak ak konseye nan zafè prevansyon suisid ke National Suicide Prevention Lifeline fòme. Gen yon opsyon sou entènèt ki disponib tou sou www.suicidepreventionlifeline.org. Lifeline gratis epi li disponib 24/24 ak 7/7.