Search Results
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Benyen Bebe ou a

Jiskaske kòd lonbrit bebe a tonbe, benyen bebe a ak yon eponj mouye se pi bon solisyon an. Rasanble founiti w ap gen bezwen yo davans, tankou daypè, rad. Pami founiti sa yo ou kapab jwenn:

  • Savon soup pou bebe

  • 2 gan twalèt

  • 2 sèvyèt

  • Daypè

  • Rad

  • Yon kouvèti

  • Losyon kont alèji (si w vle) 

Toujou verifye tanperati dlo a anvan w kòmanse benyen l. Li dwe tyèd men pa twò cho pou l pa boule bebe a. Akademi Ameriken Pedyat la konseye pou yo pa mete aparèy pou chofe dlo a depase 120°F (48°C) .

Benyen bebe ou a chak 2 a 3 jou, itilize etap ki mansyone pi ba yo pou gide w. Ou ka lave pati kote ou met daypè sou bebe a kantite fwa ou vle, yon fason pou bebe ou ka toujou rete pwòp.

Yon men ak yon twal k ap pwòpte yon ti bebe ki fenk fèt nan yon benwa pou bebe ak yon kivèt dlo tou pre a.

Enpòtan

Pa janm kite bebe ou a poukont li touprè dlo—pa menm pandan kèk segond! Si w oblije kite chanm lan pandan w ap benyen bebe a, toujou pran bebe a soti avè l.

Etap 1. Lave vizaj bebe a

  • Pou fè sa, vide yon ti dlo tyèd sou yon chifon pwòp epi soup oswa sou yon boul koton. Pa ajoute savon.

  • Siye je l dousman. Pou anpeche l atrape enfeksyon, itilize yon pati ki pwòp nan rad la pou w siye chak je. Siye depi nan kwen anndan je a pou soti nan espas deyò yo.

  • Lave dèyè zòrèy bebe a ak anba babin li.

Etap 2. Lave kò a, men, pye

  • Mete yon ti kantite savon soup ki pa gen odè sou yon chifon pwòp epi ki mouye.

  • Lave pati nan mitan kote ki gen pli nan kò li yo.

  • Ekate dwèt li yo epi siye font dwèt yo. Lave anba bra bebe a ak dèyè de jenou li yo.

  • Si kòd lonbrit bebe a ta sal, lave l avèk dlo epi kite l pran lè pou l sèch.

  • Benyen bebe ou a ak chifon toutotan kòd lonbrit li poko tonbe epi geri. Si li ta mouye, mete bebe a kote lè pase yon fason pou l ka seche.

Etap 3. Lave dèyè bebe a

  • Lave dèyè bebe a aprè w fin lave rès kò a.

  • Si se tifi, lave l soti devan pou ale dèyè sèlman.

  • Pa janm fòse kale peni yon ti gason ki pa sikonsi.

Etap 4. Pran swen po tèt bebe a

  • Fwote oswa penyen dousman tèt bebe ou a chak jou.

  • Lave tèt bebe ou a 1 oswa 2 fwa chak semèn. Itilize yon chanpou ki pa cho, ki p ap brile l. Sa ap anpeche l gen pyas. se maleng ki leve nan po tèt la, li menm jan ak pelikil. Se yon maladi nou rankontre souvan lakay timoun yo. Ou ka vlope bebe ou a nan yon sèvyèt tyèd epi ou lave po tèt li ak cheve l.

  • Bebe ki fenk fèt yo raman bezwen w pase losyon oswa poud sou yo. Si w anvi itilize yon losyon pou w pase sou bebe ou a chwazi yon losyon ki bon pou alèji. Si w chwazi pase poud sou li, mete poud la nan men w anvan. Ansuit fwote l sou po bebe ou a. Si bebe a respire poud la sa ka ba l pwoblèm nan poumon l.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer