Premye Swen: Reyaksyon Alèjik
Reyaksyon limite
Yon reyaksyon limite afekte sèlman zòn kontak la. Kèk reyaksyon ka pa parèt anvan plizyè jou. Lòt ka rive prèske touswit.
Etap 1. Sispann sous la
-
Si moun nan te pike, deplase avèk kalm pou anpeche plis piki. Grate pikan an pou retire l avèk rebò yon kat kredi, zong ou, oswa rebò defile yon kouto. Pa itilize dwèt oswa pensèt pou retire yon pikan. Si li pense, pikan an ka vide venen li nan po a.
-
Si reyaksyon an rive akòz li manje yon nouriti oswa li pran yon medikaman, moun lan pa dwe manje oswa pran sibstans lan ankò.
Etap 2. Trete iritasyon po
-
Lave mòde ensèk avèk savon ak dlo.
-
Retire tout rad ki ka gen lwil vejetal. Oswa nenpòt lòt sibstans ki te lakòz yon reyaksyon. Lave rad yo nan dlo cho. Pran douch avèk anpil savon pou lave alèjèn yo sot nan po a.
-
Mande founisè swen sante w kijan pou kontwole po ki grate oswa irite.
Reyaksyon grav
Anafilaksi se yon reyaksyon alèjik grav ki mete lavi an danje. Li bezwen swen medikal touswit. Nan ka estrèm yo, pasaj lè yo ka anfle epi lakòz difikilte pou respire. Reyaksyon an ka rive touswit oswa sou plizyè èdtan. Bay epinephrine si li disponib. Rele 911 touswit pou jwenn èd medikal. Rele menm si medikaman an sanble ap ede.
Etap 1. Kalme moun lan
-
Ede moun nan kouche avèk janm li soulve. Pa fè sa si l ap vomi oswa si li gen pwoblèm pou respire. Men, ede l adopte yon pozisyon konfòtab avèk janm li soulve si sa posib. Moun ki ansent yo dwe sou bò gòch yo.
-
Di moun lan rete imobil epi limite pale. Rasire li ke èd sou wout.
Etap 2. Bay epinephrine si li disponib
-
Si moun nan pote yon oto-enjektè epinephrine oswa spre nazal epinephrine, ede l sèvi ak li.
-
Anpeche nenpòt kontak oswa ekspozisyon anplis ak alèjèn lan.
Etap 3. Siveye respirasyon
-
Siveye siy nan pasaj lè ki anfle. Pa egzanp, respirasyon siflan oswa po bouch anfle. Avèk yon reyaksyon estrèm, moun lan ka gen pwoblèm pou pran nenpòt souf.
-
Fè respirasyon atifisyèl, si sa nesesè. Nan ka estrèm, ou gendwa pa kapab fè lè antre nan poumon yo.
Rele 911
Rele 911 touswit si moun nan genyen nenpòt nan sa ki annapre la yo:
-
Pwoblèm pou respire, souf kout, respirasyon siflan, oswa tous san rete
-
Yon istwa anfleman nan pasaj lè (anafilaksi)
-
Vomisman san rete
-
Doulè nan vant
-
Dyare grav
-
Po bouch, po, oswa anba zong parèt pal, ble, vyolèt, oswa gri
-
Sansasyon endispozisyon, toudi, oswa bwouye
-
Poul ki fèb
-
Gòj sere oswa vwa anwe
-
Pwoblèm pou vale oswa pou pale
-
Anfleman nan lang oswa po bouch
-
Sansasyon malè oswa santi yon move bagay prèt pou rive
-
Itikè nan tout kò a oswa woujè
-
Pèt konesans
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.