Search Results
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Adapte w ak Gwosès: Dezyèm Trimès

Kenbe bon abitid ou te pran pandan premye trimès ou a. Ou ka petèt yon ti jan pi fatige pase jan w konn ye a. Kidonk, plànifye jounen w avèk sajès. Gade nan konsèy ki pi ba yo epi chwazi sa yo ki adapte ak jan w ap viv la.

Remak

Si w gen nenpòt kesyon, pale ak founisè swen sante w la.

Si w ap travay

Si w kapab, adapte travay ou a ak anplwayè w la selon bezwen w yo. Eseye konsèy sa yo:

  • Si w fè anpil tan kanpe, fè yon fason pou w fè kèk travay chita. Epitou, eseye kanpe epi mete 1 pye w sou yon tabourè ki ba oswa arebò yon lòt bagay. Chanje pye ou pran api sou li a detanzantan. Mete bagay pla nan pye w.

  • Si ou chita, kenbe jenou w nan menm nivo ak ranch ou. Mete pye w sou yon sifas ki fèm. Chita byen dwat pandan w ap soutni ba do w.

  • Si w ap fè anpil tan ap travay, mande pou yo adapte orè w la. Eseye pran ti bout poz pi souvan.

Lè w ap vwayaje

Dezyèm trimès la se petèt pi bon moman pou w vwayaje. Pale ak founisè swen sante w sou nenpòt plan espesyal ou ka petèt bezwen fè. Toujou:

  • Mete yon senti sekirite. Boukle pati anba a anba vant ou. Pase pati pou zepòl la tou.

  • Pran poz souvan lè w ap fè vwayaj nan machin oswa nan avyon ki long. Bouje pou w ka degoudi pye w.

  • Bwè anpil likid pandan vòl yo. Lè ki nan kabin avyon yo sèk anpil.

  • Evite klima cho yo oswa kote ki wo anpil yo si w pa abitye ak yo.

  • Evite kote ki gen manje ak dlo ki ka fè w malad yo.

  • Asire w ou ajou sou tout vaksen yo, menm vaksen kont grip la tou. Sa espesyalman enpòtan lè w ap vwayaje aletranje.

Pran tan pou w detann ou

Pran tan pou ou repoze w epi detann ou nan travay ou oswa lakay ou:

  • Pran ti bout poz chak jou. Fè egzèsis ki pou detann ou.

  • Respire afon pandan moman estrès yo.

  • Eseye pa fè twòp bagay. Plànifye travay ou yo pou moman ou gen plis enèji yo.

  • Fè ti dòmi lè w kapab. Oswa jis chita epi detann ou.

  • Apre 16yèm semèn nan, pa fè plis pase kèk minit kouche sou do. Olye de sa a, kouche sou kote. Chanje bò souvan.

Yon fi ansent k ap fè yoga.

Fè sèks

Sof si founisè swen sante w la ta di w yon lòt bagay, pa gen okenn rezon pou w sispann fè bagay kounye a. Kantite san ki nan zòn basen an ogmante nan dezyèm trimès la. Akoz sa a, fè bagay ka vin pi dous. Eseye plizyè pozisyon epi wè kiyès ladan yo ki pi bon. Pale ak patnè w la sou nenpòt chanjman konsènan anvi ou. Ou ka bay ti kras san apre ou fin fè bagay. Fè founisè swen sante w la konn sa si w ap bay anpil san.

Kenbe anviwònman w lan an sekirite

Ou ka toujou netwaye kay ou epi sèvi ak pwodwi santi bon. Jis pran kèk prekosyon senp:

  • Mete gan lè w ap itilize pwodwi netwayaj yo.

  • Ouvri fenèt yo pou w ka kite lè fre antre. Itilize yon vantilatè si w ap pentire.

  • Rete lwen lafimen lòt moun k ap fimen.

  • Pa rale sant kitèks, esprey cheve, netwayan, oswa lòt pwodui chimik yo.

Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w

Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.

Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer