Vaksen
|
Chak kilè
|
Maladi ki evite
|
Kiyès ki bezwen li
|
Vaksen zoster rekonbinan (RZV, pou sig li ann Anglè)
|
2 dòz, dezyèm dòz la bay 2 a 6 mwa apre premye a
|
Herpes zoster (zona), yon gratèl ki fè mal ki make ak ti anpoul
|
-
Granmoun laj 50 lane oswa plis. Yo bay sila menm si w te gen zona anvan sa oswa w te deja pran yon vaksen vivan kont zona (ZVL, pou sig li ann Anglè). Vaksen vivan an pa disponib ankò Ozetazini.
-
Yo ka konseye pou sèten granmoun ki gen laj 19 lane oswa plis ki gen yon sistèm iminitè fèb resevwa RZV. Pale avèk founisè swen sante w sou sitiyasyon w.
|
Viris respiratwa sensisyal (RSV, pou sig li ann Anglè)
|
1 dòz pou granmoun pi aje yo. Administrasyon sezonye pandan gwosès.
|
RSV se yon viris respiratwa kouran ki lakòz òdinèman sentòm lejè ki tankou rim. Pifò moun refè nan youn oswa de semèn, men RSV kapab grav kay granmoun pi aje yo, tibebe, ak moun ki soufri sèten maladi.
|
-
Tout granmoun laj 75 lane oswa plis. Granmoun laj 60-74 lane gen ogmantasyon risk pou RSV grav.
-
Pou anpeche maladi RSV grav kay tibebe, CDC rekòmande swa vaksinasyon manman an kont RSV nan 32 jiska 36 semèn gwosès, nan septanm jiska janvye, oswa iminizasyon tibebe a kont RSV avèk antikò monoklonal. Pifò tibebe p ap bezwen toude.
|
Lawoujòl, malmouton, ribeyòl (MMR, pou sig li ann Anglè)**
|
1 oswa 2 dòz, pou laj 19 jiska 49 lane. 1 dòz pou laj 50 lane oswa plis si gen risk. Yon dòz siplemantè ka konseye nan zòn ki gen epidemi malmouton.
|
Lawoujòl, yon maladi ki make ak tach wouj, lafyèv, epi tous
Malmouton, yon maladi ki lakòz anfleman nan glann salivè yo. Li ka afekte ovè yo oswa testikil yo.
Ribeyòl (lawoujòl alman). Se yon fòm lawoujòl ki ka lakòz domaj nan nesans si yon fanm ansent trape l.
|
Granmoun ki fèt an 1957 ak pita ki pa konnen yo iminize kont lawoujòl, malmouton, oswa ribeyòl. Mande founisè swen sante w si w bezwen yon dezyèm dòz.
**Vaksen sa a pa dwe bay kay fanm ansent. Fanm yo dwe evite gwosès pandan 4 semèn apre vaksinasyon an.
|
Menengokòk
Genyen de tip vaksen ki disponib selon laj ak sitiyasyon medikal la:
-
Konjige kont menengokòk (MenACWY, pou sig li ann Anglè)
-
Vaksen sewogwoup B (MenB, pou sig li ann Anglè)
|
1 oswa plizyè dòz selon tip vaksen an ak eta a
|
Maladi menengokoksik (menenjit bakteryèn). Se enflamasyon nan manbràn ki kouvri a sèvo a ak mwal epinyè a. Li ka mennen nan lanmò.
|
Granmoun ki gen defisyans iminitè oswa ki nan gwo risk pou ekspozisyon. Epitou, elèv premyè ane kolèj k ap viv nan yon lojman rezidansyèl (si yo pa te vaksinen nan laj 16 lane oswa plis). Epitou, rekri militè yo.
Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou maladi menengokoksik epi ki vaksen ki ka bon pou ou.
|
Epatit A (HepA, pou sig li ann Anglè)
|
Yon seri 2 jiska 3 piki selon vaksen an
|
Epatit A. Se yon enfeksyon ki ka lakòz anflamasyon grav toudenkou nan fwa avèk po ak blan je ki vin jòn (lajònis).
|
Granmoun ki gen faktè risk, tankou maladi kowagilasyon oswa maladi fwa kwonik, ak granmoun ki nan gwo risk pou ekspozisyon. Sa gen ladan gason ki fè sèks avèk gason, itilizatè piki dwòg, epi vwayajè nan peyi kote epatit A kouran.
|
Epatit B (HepB, pou sig li ann Anglè)
|
Yon seri 2, 3, oswa 4 dòz selon vaksen an, selon laj, risk, oswa eta a
|
Epatit B. Se yon enfeksyon ki lakòz maladi fwa kwonik grav.
|
Granmoun ki gen gwo risk pou ekspozisyon, tèlke founisè swen sante, travayè sanitasyon, ak granmoun ki aoufri dyabèt. Sa gen ladan moun k ap viv avèk VIH si yo pa deja iminize.
|
Maladi vwayajè yo
|
Jan sa nesesè
|
Enfeksyon, tèlke kolera, tifoyid, lafyèv jòn, polyo, laraj, maladi menengokoksik, epatit A, epatit B
|
Granmoun k ap vwayaje deyò peyi a. Vaksen obligatwa yo ap varye, selon peyi w ap vizite a. Tcheke Sit entènèt CDC a nan www.cdc.gov/travel .
|