To Kolestewòl ou Wo: Evalye Risk pou Sante W yo
Yon to kolestewòl ki wo ogmante risk pou w malad nan kè ak fè kriz kadyak. Sa fè w kouri yon pi gwo risk pou w fè estwòk ak maladi atè periferik. Konnen to kolestewòl ou se premye etap nan prevansyon maladi sa. Èske yo di w to kolestewòl ou twò wo? Si se sa, gen risk pou w fè estwòk oswa kriz kadyak. Ou plis an danje toujou si w gen lòt faktè risk maladi kè.
Ou ka gen yon to kolestewòl ki wo byen bonè depi lè w timoun. Sa ka dire pou tout rès lavi w. Sa ka ogmante risk pou w genyen pwoblèm sante pi devan. Chèche enfòmasyon sou kolestewòl ou ak risk pou w fè maladi kè. Pale avèk founisè swen sante w la sou fason pou w kòmanse kontwole kolestewòl ou.
Poukisa yon to kolestewòl ki wo se yon pwoblèm?
Kolestewòl sangen an se yon sibstans gra. Kò a sèvi ak li pou l fè pati selil ou yo. Yo itilize l tou pou fè òmòn yo. Kolestewòl la sikile nan san w. Tisi yo itilize l pou yo ka travay nòmalman. Lè to kolestewòl ki nan san an wo, li fòme yon plak. Plak sa al fè yon pil nan pawa atè yo. Atè yo pote san soti nan kè w pou al nan rès kò a. Plak la diminye ouvèti pou san an sikile a. Apre yon tan, kè w ka pa jwenn ase oksijèn. Sa ka lakoz maladi nan atè kowonè yo oubyen kriz kadyak. Sa ka lakoz estwòk.
3 etap pou w konprann risk ou yo
Etap 1. Fè yon tès san pou w ka kontwole kolestewòl ou

Yon to kolestewòl ki wo pa lakoz okenn sentom. Yon tès san se sèl fason pou w konnen si to kolestewòl ou wo. Fè kontwole kolestewòl ou chak 4 ak 6 làne aprè laj 20 làne. Al fè tès pi souvan si w gen lòt faktè risk (w ap jwenn yo pi ba a). Pi souvan tès kolestewòl yo pa mande okenn preparasyon. Founisè swen sante w la ap di w si w pa dwe manje anvan tès la. L ap pran yon echantiyon san epi l ap voye l nan laboratwa. Yo mezire kantite kolestewòl ak trigliserid ki nan san w yo. Genyen 2 tip kolestewòl nan echantiyon an. Premye a se HDL (bon kolestewòl). Dezyèm nan se LDL (move kolestewòl). Rezilta tès kolestewòl yo pi souvan bay kantite total kolestewòl HDL ak LDL yo. Konsa tou yo ka ba w rezilta HDL ak LDL yo chak apa.
Nivo optimal (ki pi an sante) LDL la depann de faktè risk ou yo. Pale ak founisè w la sou to ki pi bon pou ou a. Li enpòtan pou w konnen to kolestewòl ou. Founisè swen sante w la ap pale avèk ou sou rezilta w yo ak sa yo vle di pou sante w.
Ki rezilta w yo?
Mete rezilta w yo nan espas vid ki pi ba a yo.
Kolestewòl HDL: Kolestewòl LDL: Total kolestewòl: Trigliserid:
Remak
Nou konprann kesyon jan an se yon domèn ki laj. Nou ka itilize tèm ki gen rapò ak jan pou nou pale sou ànatomi ak risk sante. Tanpri itilize enfòmasyon sa yo nan fason k ap pi bon pou ou menm ak pou founisè w la lè n ap pale de swen w yo.
Etap 2. Jwenn enfòmasyon sou lòt faktè risk ou genyen pou w fè maladi kè ak estwòk
Kijan to kolestwòl ou afekte sante kè w depann de tout faktè risk ou yo. Kwoche pami faktè ris ki pi ba yo sa ki konsène w yo:
-
Laj. Èske w se yon gason ki gen 45 làne oswa plis oswa yon fanm ki gen 55 làne oswa plis?
-
Tansyon. Èske w fè tansyon wo? Èske w ap pran medikaman kont tansyon wo?
-
Fimen. Èske w fimen oswa itilize pwodui ki gen tabak ladan yo? Èske w itilize sigarèt elektwonik oubyen lòt pwodwi ki gen nikotin ladan yo? Pwodui sa yo lakoz enflamasyon nan kò a ak nan atè yo. Atè ki anfle yo ka blese oswa andomaje. Sa ka lakoz kolestewòl yo fè pil. Sispann pran tabak ak nikotin ka diminye enflamasyon sa a. Sa ap diminye risk pou w fè maladi kè ak estwòk.
-
Dyabèt. Ou fè maladi dyabèt? Èske nivo sik ki nan san w lan byen kontwole? Ou ka anmezi pou w diminye risk pou fè maladi kè oswa estwòk lè w kenbe to LDL la nan yon to ki pi ba pase sa yo konseye pou moun ki pa fè dyabèt yo.
-
Egzèsis. Èske w pa konn fè anpil egzèzis oubyen w pa fè egzèsis souvan? Ekspè yo konseye omwen 30 minit egzèsis fizik modere omwen 5 jou pa semèn. Ou ka kouri pi gwo risk pou w gen yon to kolestewòl ki wo ak maladi kè si w pa fè ase egzèsis.
-
Rejim. Èske w gen yon alimantasyon ki rich ak grès satire oswa trans, kolestewòl, sik, oswa alkòl? Ou gen gwo risk pou fè maladi kè. Ou ka gen pi gwo risk pou w fè maladi kè si w pa manje ase fwi, legim, oswa vyann ki pa gen grès yo.
Tout bagay nou site pi wo yo ka ogmante risk pou atè kè w yo, sa k nan kou w ak janm ou yo bloke. Sa ka lakoz maladi kè ak kriz kadyak. Sa ka lakoz estwòk, ak yon maladi atè periferik yo.
Pou ede w detèmine tout risk yo, founisè w la ka itilize yon kalkilatè risk. Li kontwole to kolestewòl ou ak lòt bagay ki mete w a risk yo. Mande founisè swen sante w la risk ki genyen 10 làne apre si w gen plis pase 40 làne. Poze l kesyon sou risk pandan tout lavi w yo si w gen 20 làne pou rive 39 làne.
Founisè w la ka pale w de lòt bagay ki ka enfliyanse risk ou yo. Sa yo ka afekte desizyon tretman w yo. Tankou:
-
Antesedan familyal pwoblèm kè anvan 55 làne bò kot fanmi papa
-
Antesedan familyal pwoblèm kè anvan 65 làne bò kot fanmi manman
-
To kolestewòl primè ki wo
-
Sendwom metabolik
-
Maladi kwonik nan ren
-
Maladi enflamatwa kwonik tankou poliyatrit rimatoyid, psoryazis, oswa VIH/SIDA
-
Menopoz anvan 40 làne
-
Tansyon wo pandan gwosès (kriz pre eklanmsi)
-
Ras (pa egzanp, moun ki soti nan pati Sid kontinan Azi)
-
Lòt twoub lipidik sangen
Etap 3: Pale ak founisè swen sante w la
Founisè w la ap ede w konprann risk ak opsyon tretman w yo. Si to kolestewòl ou vin wo, founisè swen sante w la ap di w kòman w ap ka redwi to a. Etap yo ka gen ladan chanjman nan rejim alimantè w ak plis aktivite fizik. Si w konn fimen, ou ta dwe sispann fimen. Fè yon plan k ap bon pou ou.
Founisè w la ka evalye risk ou genyen pou w fè maladi kè oubyen estwòk. Enfòmasyon sa yo ka gide desizyon pou w kòmanse pran medikaman tankou estatin pou w trete kolestewòl la epi redwi risk yo.
Si w gen yon to kolestewòl ki wo, w dwe fè tès san pi souvan. Se pou asire w medikaman w ap pran yo ak chanjman nan fason w ap viv yo kontribiye pou redwi to kolestewòl ou a.
Nan kèk ka, ou ka bezwen fè plis tès. Tankou yon analiz kalsyòm nan yon atè kowonè (CAC). Analiz sa mezire kantite kalsyòm ki nan atè kowonè yo. Si w gen depo kalsyòm nan yon atè, sa vle di plak yo kòmanse fòme. Yo bay rezilta tès sa sou fòm kantite kalsyòm. Sa ap ede w pran desizyon pou w kòmanse pran medikaman kont kolestewòl la tankou estatin yo.
Faktè risk tankou to kolestewòl ou ka chanje pi devan. Pale ak founisè w la chak lè w al konsilte.