Depresyon ak Swisid kay Ti Granmoun
Prèske 2 milyon ti granmoun nan peyi Etazini gen yon kalite depresyon. Kèk nan yo menm arive retire pwòp lavi yo. Men, yo souvan inyore depresyon lakay tigranmoun yo Konnen siy avètisman depresyon yo ka ede evite doulè initil a yon moun ou renmen. Ou ka sove yon lavi tou.
Kisa depresyon an ye?
Depresyon an se yon maladi kouran ki grav. Li afekte jan w panse ak jan w santi w. Se pa yon pati ki nòmal nan vyeyisman. Se pa yon siy feblès, se pa yon defo karaktè ni yon bagay ou ka "debarase w avè l nan yon bat je". Pi fò moun ki gen depresyon bezwen tretman pou yo ale mye. Sentom ki pi kouran an se santi yon gwo tristès. Moun ki deprime yo tou ka parèt fatige epi delala. Epi anyen pa sanble fè yo plezi. Li nòmal pou w gen lapenn oswa pou w tris pafwa. Men gen yon moman k ap rive kote tristès la ap diminye oswa pase. Li ra pou depresyon pase oswa amelyore poukont li. Lòt sentòm depresyon yo se:
-
Dòmi plis oswa mwens pase kantite nòmal la
-
Manje plis oswa mwens pase kantite nòmal la
-
Gen tèt fè mal, lestomak fè mal, oswa lòt doulè ki pa pase
-
Ou santi w enkyè, "vid," oswa san valè
-
Kriye anpil
-
Panse oswa pale de suisid oswa lanmò.
-
Pèt enterè pou aktivite ou te konn renmen fè
-
Rete apa
-
Ou twouble oswa ou distrè
Kisa ki lakoz li?
Yo pa fin konnen tout sa ki lakoz depresyon. Men, yo panse se melanj faktè sa yo ki bay li:
-
Byochimi. Chanjman nan kèk konpozisyon chimik nan sèvo w ka jwe yon wòl tou.
-
Jèn. Depresyon kouran nan fanmi yo.
-
Estrès lavi. Estrès lavi kapab deklannche depresyon tou kay kèk moun. Granmoun ki gen plis laj yo souvan fè fas ak anpil bagay ki bay estrès. Sa yo ka gen ladan yo izòlman, lanmò zanmi oswa konjwen, pwoblèm sante ak pwoblèm finansye.
-
Pwoblèm sante kwonik. Sa gen ladan dyabèt, maladi kè, oubyen kansè. Sa yo kapab bay sentom depresyon yo. Efè segondè medikaman yo ka lakoz chanjman nan panse ak nan konpòtman.
Bay sipò

Souvan moun ki deprime yo pa vle mande èd. Lè yo fè sa, yo ka pa okipe yo. Oswa yo ka jwenn move tretman. Ou ka ede lè w ap bay paran w yo ak zanmi w yo ki granmoun yo lanmou ak sipò. Si moun nan sanble deprime, pa fè moral li ni inyore sentom li yo. Pa konsidere sentom yo kòm yon pati ki "nòmal" nan vyeyisman. Yo pa nòmal. Enplike w, koute, epi montre enterè w ak sipò w.
Ede l konprann depresyon an se yon maladi ki ka trete. Di l ou ka ede l jwenn bon tretman an. Ofri l pou w ale nan randevou avèk founisè swen sante l la avèk li pou w sipòte l pandan l ap pale de sentom li yo. Avèk apwobasyon l, kontakte yon sant sante mantal lokal, yon ajans sèvis sosyal, oswa yon lopital pou w jwenn sèvis.
Ede pandan randevou medikal yo
Ou kapab reprezante yo pandan randevou medikal yo. Anpil granmoun ki gen anpil laj gen maladi kwonik. Anpil ladan yo kapab bay sentom depresyon. Efè segondè medikaman yo ka chanje panse ak konpòtman.
Ou kapab asire w pou w wè si founisè swen sante a konsidere tout faktè sa yo. Li dwe refere fanmi w lan oswa zanmi w lan bay yon founisè swen sante mantal si sa a nesesè. Nan kèk ka, yon depresyon ki pa trete ka debouche sou yon move dyagnostik. Yo ka dyagnostike yon maladi nan sèvo tankou demans kay moun nan. Si founisè swen sante a pa pran oserye pwoblèm depresyon an ede fanmi oswa zanmi w lan jwenn yon lòt founisè.
Mande enfòmasyon sou panse otodestriktris yo
Si w panse yon granmoun w ap okipe ka touye tèt li, mande l: "Èske w te panse ak swisid?" Pifò moun ap di w verite. Si yo di ui, yo petèt deja gen yon plan pou kijan ak kilè y ap tante fè sa. Chèche konnen otan ou kapab. Plis plan an detaye se plis li fasil pou l reyalize, se plis moun nan an danje kounye a. Di moun nan ou la pou li e ke w pa vle l bay tèt li pwoblèm. Pa tann pou w mande èd pou moun nan. Rele founisè swen sante moun nan, lopital lokal la, oswa sèvis ijans lan.
Rele 988 lè gen kriz
Pa janm kite moun nan poukont li. Yon moun ki toujou ap eseye tiye tèt li bezwen swen kriz imedyatman. Li bezwen siveyans konstan. Pa janm kite moun nan san li pa gen yon moun k ap voye je sou li. Rele 988 Di konseye kriz la ou bezwen èd pou yon moun k ap panse tiye tèt li. Konseye a ap ede w jwenn bon nivo èd ki koresponn ak kriz la. Yo ka konseye w mennen moun nan nan ijans ki pi pwòch yo.
National Suicide Prevention Lifeline nan disponib nan 988, oswa 800-273-TALK (800-273-8255), oswa www.suicidepreventionlifeline.org. Lè w rele 988 oswa ekri l yon mesaj, y ap mete w an kontak ak konseye pou prevansyon suisid fòme ki fè pati rezo National Suicide Prevention Lifeline nan. Gen yon opsyon sou entènèt ki disponib tou. Lifeline gratis epi li disponib 24/7.