Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Mete Bebe w la Dòmi

Ti bebe w la grandi vit, sa ki pran anpil enèji. Se sa k fè, bebe w la ka dòmi anviwon 16 a 17 è an total pa jou (ki gen ladan l ti dòmi). Lè bebe w la gen 4 a 12 mwa, yo ka dòmi anviwon 12 a 16 è ototal pa jou (ki gen ladan ti dòmi). Gen plis chans pou tibebe w la pa dòmi pandan tan ki long. Men pa gen okenn règ ki di kilè oswa konbyen tan pou yon bebe dòmi. Konsèy sa yo pral ede bebe w la byen dòmi.

Ki kote bebe w la ta dwe dòmi?

Kote bebe w la dòmi depann de sa ki bon pou ou ak fanmi w. Men kèk panse pou w sonje pandan w ap deside a:

  • Yon bebe ka plis santi l an sekirite nan yon bèso pase yon kabann pou ti bebe.

  • Toujou mete bebe w la dòmi ki yon kote ki fèm epi ki plat. Pa itilize youn ki gen pant oswa ki panche. Asire w li satisfè estanda sekirite aktyèl Komisyon Sekirite Pwodui Konsomasyon yo (Consumer Product Safety Commission, CPSC). Pa itilize yon chèz machin, sak bebe, balansin oswa kote ki sanble ak sa yo pou mete bebe w la dòmi.

  • Akademi Ameriken pou Pedyatri (American Academy of Pediatrics) konseye nou fè tibebe yo dòmi nan menm chanm ak paran yo. Bebe a dwe toupre kabann paran li yo, men separe nan yon bèso oswa yon kabann pou ti bebe. Yo konseye sa omwen premye 6 mwa yo.

Ede bebe w la byen dòmi

Konsèy sa yo se pou yon bebe ki an sante jiska laj 1 lane. Konnen ABC nan enfòmasyon pou bebe dòmi byen:

  • A a se pou Poukont li. Mete bebe a dòmi pou kont li nan bèso li. Pa kite atik ki mou tankou jwèt yo, kousen bèso yo, ak dra yo nan bèso ti bebe a.

  • B a se pou Do. Mete bebe w la sou do pou l dòmi. Fè sa alafwa lè l ap fè yon ti dòmi ak lannwit. Etid yo montre se pi bon fason pou diminye risk pou SIDS (Sendwòm lanmò Sibit lakay Tibebe) oswa lòt kòz ki gen rapò ak lanmò tibebe lè l ap dòmi. Pa mete yon bebe sou vant pou l dòmi.

  • C a se pou Bèso. Itilize yon bon kote. Ti bebe yo dwe dòmi yon kote ki fèm epi ki plat. Pa itilize youn ki gen pant oswa ki panche. Men kèk bon egzanp: bèso, kaban po ti bebe, bèso ou ka pote oswa tant pou jwe ki respekte nòm estanda sekirite CPSC. Verifye sit entènèt CPSC nan www.cpsc.gov pou asire w pwodui a pa modifye. Sa enpòtan espesyalman pou bèso ki itilize deja. Pa itilize bèso ki kraze oswa bèso ki pa gen tout enstriksyon oswa pati yo. Gen anpil tibebe ki deja mouri nan bèso ki kraze oswa ki te gen pati ki manke. Espas ki genyen ant ba bèso yo pa dwe pi plis pase 2-3/8 pous yo. Konsa a, bebe p ap ka kwense tèt li nan mitan ba yo.

Yon fi k ap mete yon tibebe kouche sou do pou l dòmi.

Pwoteje bebe w la ak konsèy sekirite sa yo:

  • Pa fimen oswa itilize nikotin bò kote bebe w la. Pa kite kelkeswa lafimen an al sou bebe w la. Pa mete sigarèt, mariguana oswa tchitcha lakay ou. Tibebe ki ekspoze ak lafimen gen plis rim ak lòt maladi. Kelkeswa lafimen an li ogmante risk pou yon bebe mouri pandan l ap dòmi sitou si l malad.

  • Pa dòmi sou menm kabann ak bebe w la. Sa enpòtan anpil si bebe w la fenk fèt oswa li piti oubyen li te fèt anvan lè. Sa enpòtan anpil tou si ou konn abitye bwè alkòl, fimen mariguana, oswa pran medikaman oubyen dwòg ki pa legal. Pa mete bebe w la dòmi ak lòt timoun oswa granmoun. Ou kapab mennen bebe w la manje sou kabann ou an pou w ka ba l manje oswa pou dòlote l. Men pou l dòmi retounen avè l nan bèso oswa panye l la. Pa kite dòmi pran w ak bebe w la. Nou pa konseye tou marasa oswa plizyè tibebe dòmi ak lòt moun.

  • Itilize kouch ki apwopriye. Bebe w la dwe dòmi sou yon matla ki fèm, plat, oswa lòt kote ki fèm epi ki pa panche. Matla a dwe byen adapte epi fèt sèlman pou bèso. Kouvri matla a ak yon fouwo. Pa itilize dra oswa lèn ki gen plim. Pa kite bebe w la dòmi sou kabann granmoun, matla ki gen dlo, matla gonfle, kanape, dra ki fèt ak po mouton sou zòrye oswa tout lòt materyèl ki mou. Pa mete nounous, zòrye,oswa kousen bèso nan bèso a. Pa itilize dòmi dous, kouchèt, lenjèt, oswa lòt materyèl ki lou. Asire w pa gen anyen ki kouvri tèt bebe w la. Sa yo ogmante risk pou bebe a toufe.

  • Lè je l klè mete bebe w la yon lòt kote. Sa ede bebe w la grandi ak plis fòs. Sa ede anpeche bebe w la gen yon tèt endifòm tou. Lè je bebe w la klè, kenbe tibebe w la. Imedyatman ou sot lopital ou retounen lakay ou Kite bebe w la sou vant lan pandan je l klè epi siveye l pandan yon ti tan. Dousman ogmante tan li rete sou vant lan omwen 15 a 30 minit chak jou lè l gen 7 semèn. Pa eseye kite bebe w la chita pandan anpil tan sou chèz oswa balansin.

  • Pa itilize bagay pou chita yo pou dòmi. Syèj pou bebe, syèj machin, pousèt ak balansin pou bebe pa konseye pou dòmi abityèl yo. Sa yo ka lakòz vwa respiratwa l bouche oubyen li toufe. Si bebe w la chita sou nenpòt bagay ki la pou chita, retire l sou bagay la epi mete l nan bèso l oswa yon lòt kote ki apwopriye pou l kouche depi li san danje epi pratik.

  • Asire lè bebe w la ap dòmi kò l pa vin twò cho. Kenbe chanm nan nan yon tanperati ki konfòtab pou ou ak bebe w la. Mete rad ki lejè sou bebe w la. Olye pou w sèvi ak dra, kenbe bebe w la cho lè w abiye l nan yon sak kouchaj pou dòmi, oswa yon kouvèti pòtab. Pa mete bone nan tèt bebe w la anndan kay.

  • Fè anpil atansyon lè w ap vlope bebe w la. Vlope tibebe w la pa redui risk pou l pa gen SIDS. Si ou chwazi vlope bebe w la, asire w li pa sou do epi li pa twò vlope. Sispann vlope bebe w la lè li sanble ap eseye woule. Gen kèk tibebe ki kòmanse woule bonè depi sou 2 mwa. Pandan yo vlope, risk pou bebe w la toufe vin pi plis lè l woule vire sou lestomak.

  • Nan lè l ap fè ti dòmi oswo nan lè pou al kouche bay bebe w la yon souson (ki pa mare ak yon fil). Sa ede redui risk pou l pa gen SIDS. Pa bay bebe a yon souson toutotan bebe w la pa byen pran tete.

  • Pa itilize pwodui ki pretann redui risk pou SIDS. Sa a gen ladan kwen, pozisyonè, matla espesyal, kote pou dòmi ki espesyal, oswa lòt pwodui. Aparèy sa yo pa montre yo ka anpeche SIDS vrèman. Nan kèk ka ki ra, yo konn lakòz lanmò ti bebe a. Monitè kadyorespiratwa yo vann pou itilize lakay yo pa itil nonplis pou anpeche SIDS.

  • Toujou mete bèso, panye, ak tant pou bebe a jwe nan yon espas ki san danje. Asire w pa gen kòd, fil, oswa rido fenèt ki pandye. Sa se pou w ka diminye risk pou toufe a. Mete bèso a lwen fenèt.

  • Bay bebe w la tete. Sa ka ede redui risk pou l gen SIDS. Bay tibebe w lèt ou sèlman pandan pou pi piti 6 mwa, sof si founisè swen sante w la ta di w yon lòt bagay. Espè yo konseye pou yo kontinye bay tibebe yo tete pandan 1 lane oswa pi plis. Sa depann si ou menm oswa bebe w la vle fè sa a. Itilize lèt manman pandan yon lane oswa plis redui risk pou timoun lan gen SIDS ak plizyè lòt pwoblèm sante.

  • Mennen bebe w la konsilte ak pran vaksen. Rele founisè swen sante bebe w la si tibebe w la sanble malad. Mennen tibebe w la nan konsiltasyon bilan sante regilye yo epi pran vaksen abityèl yo. Gen kèk etid ki montre lè yon timoun pran tout vaksen l sa redui risk pou l gen SIDS.

  • Pa itize alkòl, mariguana, opioids, oswa dwòg ki ilegal. Sa ogmante risk pou l gen SIDS lè li ekspoze ak alkòl oswa itilizasyon dwòg ki pa legal. Lè w itilize sibtans sa yo sa afekte kapasite pou w pran swen bebe w la.

Konsèy pou fè bebe w la dòmi

Sa ka rive ou gendwa pa ka pwograme somèy bebe w la ni konbyen tan li fè ap dòmi. Men, ou ka ede bebe w la dòmi. Eseye konsèy sa yo:

  • Asire w bebe w la manje, li rann gaz, epi li pase yon ti tan trankil nan bra w anvan l al kouche.

  • Itilize mwayen ki ka kalme l, tankou bèse l oswa souse dwèt pous li oswa men l. Pifò ti bebe renmen mouvman ki ritme yo.

  • Pandan jounen an, pale epi jwe ak bebe w la. Sa ap ede tibebe yo dòmi pi lontan pandan lannwit.

Byen dòmi lè bebe w la malad

Ti bebe ki fenk malad oswa ki malad, tankou enfeksyon repiratwa gen plis risk pou yo gen SIDS. Li pi enpòtan toujou pou w respekte konsiy pou l dòmi byen yo lè bebe w la malad. Fè sa menm si yo gen sentom tankou nen bouche, rim, tous oswa mank apeti. Rele founisè swen sante bebe w la san pèdi tan si w enkyete w pou sante bebe w la.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer